Plis limyè, plis motivasyon, grasa yon kasèt videyo !
Se te ann avril 1951. Otorite nan peyi yo te rele Inyon sovyetik la pran plizyè milye Temwen Jewova, genyen yo pran ak tout fanmi yo, yo rasanble yo, yo anpile yo nan tren ki te fèt pou transpòte machandiz epi yo egzile yo an Siberi. Poukisa gwo Inyon sovyetik t ap chèche elimine yo atoupri ? Ki jan frè nou yo te fè chape ? E ki jan yo te fè menm rive gen akwasman malgre yo te pase plizyè ane ap sibi pèsekisyon san rete ? W ap jwenn repons kesyon sa yo nan yon kasèt videyo ki rele Fidèles dans les épreuves — Les Témoins de Jéhovah en Union soviétique. Gade l epi kite enfòmasyon ki ladan l lan motive w pou w rete fidèl devan Jewova, nan kèlkeswa sitiyasyon an !
Èske ou ka reponn kesyon sa yo ? 1) Nan ki ane Temwen Jewova yo te jwenn rekonesans legal pou premye fwa an Risi ? 2) Ni anvan ni apre Dezyèm Gè mondyal la, sa k fè, ann Inyon sovyetik, te vin gen anpil lòt fanmi ki Temwen Jewova ? 3) Nan ki sans kwayans yo te opoze totalman ak filozofi Lenin nan ? 4) Ki sa yo te rele Operasyon Nò a, e ki objektif Stalin te vle atenn lè l te mete operasyon sa a sou pye ? 5) Ki sa egzil la te vle di pou Temwen yo, e ki sa yo te mande yo fè pou yo pa egzile yo ? 6) Pandan yo te nan tren ki t ap mennen yo jis an Siberi a, ki sa frè ak sè nou yo te fè pou youn ankouraje lòt, e ki te etone sòlda yo ? 7) Ki mizè frè ak sè nou yo te pase an Siberi ? 8) Ki dispozisyon espirityèl ki te gen anpil enpòtans pou pèp Jewova a, e poukisa ? 9) Poukisa frè nou yo te dispoze riske lavi yo pou yo te ka toujou gen piblikasyon, e ki jan yo te reyisi fè sa, malgre efò otorite yo pa t sispann fè pou anpeche yo resevwa yo ? 10) Ki jan Kwoutchèv te kontinye atake pèp Bondye a ? 11) Ki sa otorite yo te fè pou yo te ka detwi lafwa pitit Temwen Jewova yo ? 12) Ki bon pwennvi frè nou yo te genyen sou rezon ki fè yo t ap pèsekite yo (Annuaire 2002, paj 203-4) ? 13) Otorite sovyetik yo te vin deklannche yon michan atak kont òganizasyon Bondye a, men, ki jan sa te tounen kont yo (Annuaire 2002, paj 220-1) ? 14) Site kèk bagay ki te vin tounen yon reyalite pou Temwen Jewova ki t ap viv ann Inyon sovyetik, alòske se sèlman yon rèv sa te ye pou yo. 15) Ki sa ki te pèmèt frè nou yo andire anba eprèv, e ki jan dènye sèn nan videyo a konfime sa ki di nan Jeremi 1:19 la ? 16) Bay yon eksperyans frè yo te viv ki touche w pèsonèlman, eksperyans ki montre yo te fidèl anba eprèv.