BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/04 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2004
Ministè Wayòm nan — 2004
km 1/04 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1988 kongregasyon an genyen nan estòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan estòk pa yo. Si gen yon kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv L’humanité à la recherche de Dieu. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri liv Création an (gwo fòma oswa piti). Nou ka ofri tou liv Révélation : dénouement an. Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a sitou si moun nan deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.

◼ Apati semèn 15 mas 2004, nou pral etidye liv Approchez-vous de Jéhovah nan etid liv kongregasyon an.

◼ Apati mwa fevriye oswa 7 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante nouvo diskou piblik “ Prensip kiyès ki gen plis valè pou ou ? ”

◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la dimanch 4 avril, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Menmsi pa gen lòt reyinyon n ap prevwa nan jou sa a apa reyinyon predikasyon, yo dwe fè bonjan aranjman pou etid Toudegad la fèt yon lòt jou. Siveyan sikonskripsyon yo ap bezwen teni kont de sikonstans lan pou yo pwograme orè reyinyon yo gen pou yo fè nan semèn nan. Pou Memoryal la, li ta pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa yo. Men sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite okazyon an o maksimòm. Nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou pakin machin, oubyen pwoblèm sa kapab bay nan monte oswa nan desann machin. Kolèj ansyen yo dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

◼ Pou moun ki ta renmen fè yon transfè kòm ofrann pou travay mondyal la, gen enstriksyon ki disponib pou esplike jan yo ka fè sa. Si nou ta renmen gen plis enfòmasyon, telefone nan 718-560-5000 oswa ekri Watch Tower, Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, New York 11201-2483.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje