Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, ofri yo liv Adorez Dieu a. Fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant. Si moun nou rankontre a di li pa gen timoun, ofri l liv Bonheur familial la oubyen liv Konesans lan. Fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.
◼ Siveyan prezidan an, oubyen yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye jen, oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo kenbe yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Nou raple sekretè kongregasyon yo, si yo poko fè sa, pou yo voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye yo (CO-5-CR) mwa sa a bay siveyan sèvis lojman kongrè distri kongregasyon an pral asiste a.
◼ Chak fwa gen yon pyonye pèmanan ki radye oubyen ki kite sèvis la pou kèlkeswa rezon an, sekretè kongregasyon an dwe ranpli pati “ Interruption ” ki nan lèt nominasyon pyonye pèmanan an (S-202-F). Lèfini, y ap voye l nan filyal la san pèdi tan.
◼ Kontrèman ak lòt peyi yo k ap etidye liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel !, ann Ayiti, n ap etidye liv ki rele Liv istwa biblik mwen an apati semèn 27 jen 2005. Tanpri, fè yon koudèy nan enstriksyon nou jwenn nan fen pwogram ki pi ba a pou nou konnen ki jan nou ka pwofite etid sa a o maksimòm.