Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 29 out 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 4 jiyè pou rive nan semèn 29 out 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Lè n ap pataje esperans nou ak pwochen nou, ki sa nou ka fè pou “ tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab ”, e poukisa se yon bagay ki enpòtan ? (Fil. 4:5 ; Jak 3:17) [be p. 251 § 1-3, kare]
2. Lefètke nou konnen ki lè pou nou fè konsesyon, ki jan sa ka ede nou byen boule ak lòt moun ? [be p. 253 § 1-2]
3. Poukisa li enpòtan pou nou byen sèvi ak kesyon lè n ap ede moun yo rezone sou yon sijè ? [be p. 253 § 3-4]
4. Sou ki sa nou dwe veye yon fason pou prezantasyon nou yo konvenkan ? [be p. 255 § 1-4, kare ; be p. 256 § 1, kare]
5. Ki sa nou bezwen sonje si nou deside chwazi prèv ki pa biblik pou nou kore rezònman ki nan Ekriti yo ? [be p. 256 § 3-5, kare]
EKSPOZE No 1
6. Ki prèv konvenkan ki montre Jezi se yon pèsonaj istorik ? [w03-F 15/6 p. 4-7]
7. Nan ki sans ‘ bouch moun ki dwat yo ap delivre yo ’, e kay moun ki jis yo ap “ rete debou ” ? (Pwo. 12:6, 7.) [w03-F 15/1 p. 30 § 1-3]
8. Piske Bib la pa t ekri sou fòm yon lis obligasyon ak entèdiksyon, kòman n ap fè “ konprann sa volonte Jewova ye ” ? (Efe. 5:17.) [ w03-F 1/12 p. 21 § 2–p. 22 § 3]
9. Ki prensip biblik lè yon moun aplike yo ki ka ede l fè fas ak povrete oubyen sitiyasyon ekonomik ki difisil ? [ w03-F 1/8 p. 5 § 2-5]
10. Nan domèn bay gratis ki efè egzanp Jewova bay ta dwe genyen sou nou ? (Mat. 10:8) [ w03-F 1/8 p. 20-2]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Ki siyifikasyon de pilye ki te nan antre tanp Salomon te konstwi a, pilye yo te rele Yakin ak Bowaz ? (1 Wa 7:15-22)
12. Lefètke Salomon te bay Iram, wa Ti a, 20 vil nan peyi Galile, èske sa te ann amoni ak Lwa Moyiz la ? (1 Wa 9:10-13)
13. Ki leson nou ka tire nan dezobeyisans “ yon òm Bondye ” ? (1 Wa 13:1-25.)
14. Nan ki domèn Aza, wa Jida, te montre li gen kouraj, e ki sa nou aprann nan egzanp li ? (1 Wa 15:11-13)
15. Sa ki te pase ant wa Ahab ak Nabòt la, ki jan sa montre danje ki genyen lè yon moun ap plede plenyen sou sò li ? (1 Wa 21:1-16)