Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonbre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt S-201 nou resevwa chak ane a.
◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2007 la : “ Ou kapab santi w an sekirite nan monn twouble sa a ! ” Gade anons yo te deja bay sou sa nan Ministè Wayòm oktòb 2006 la.
◼ Men kèk Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove : Odikap (Kap ayisyen) ; Vètyè (Kap ayisyen) ; Sen Rafayèl ; Piyon ; Monben Kwochi ; Senlwidinò ; Ansafolè ; Basenble ; Gwomòn ; Senmichèl Delatalay.
◼ Piske nou gentan nan sizyèm mwa ane sèvis 2007 la, n ap fè nou sonje pi gwo objektif nou yo : 1) Atenn 92 % pwoklamatè regilye, 2) Atenn 10 % nouvo pwoklamatè, epi 3) Rive nan reyinyon yo alè epi tèmine yo alè.