BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/07 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 5/07 p. 3

Anons

◼ Men piblikasyon n ap ofri nan mwa me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen : Liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Kontinye veye ! ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Nan kèk pati nan monn nan, li kapab apwopriye pou nou ofri bwochi ki vin annapre yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; La route qui mène à la vie éternelle : L’avez-vous trouvée ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ; Un livre pour tous ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ?

◼ Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon chèk kòm ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, li dwe fè l sou non Association chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri kòm ofrann pou travay mondyal la oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Treasurer’s Office, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.

◼ Kolèj ansyen yo ta dwe egzamine lèt 6 jiyè 2006 la ki pale sou preparasyon ki dwe fèt lè yo prevwa yon dezas. Ansyen yo bezwen asire yo yo gen enfòmasyon ki ajou konsènan chak pwoklamatè, enfòmasyon k ap pèmèt yo kontakte yo. Nan zòn kote li posib pou dezas pase, ansyen yo ta dwe gen plis enfòmasyon toujou sou pwoklamatè yo, yon fason pou yo ka kontakte yo lè gen ijans. Nòmalman, se pa lè gen ijans sèlman pou pwoklamatè yo kominike ak siveyan etid liv kote yo ye a oswa ak lòt ansyen nan kongregasyon an. Yo bezwen fè sa tou lè y ap deplase al yon lòt kote e yo prevwa pase yon bon ti tan kote yo prale a. Pa egzanp, yo gendwa pral an vakans, oswa yo gendwa pral vwayaje pou rezon biznis. Yo gendwa pral entène lopital. Pou tout rezon sa yo ak lòt rezon ki pa mansyone la a, pwoklamatè yo ta dwe sonje pou yo enfòme siveyan etid liv kote yo ye a oswa lòt ansyen nan kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje