Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vin asiste Memoryal la oubyen moun ki te vin nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan deja genyen l, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.
◼ Kongregasyon yo ta dwe distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo bay pwoklamatè yo san pèdi tan. Konsa, y ap gentan konn sa k nan peryodik yo anvan y al ofri yo nan predikasyon.
◼ Ane sa a, Memoryal la ap fèt madi 30 mas 2010. Se kantik nimewo 8 ak nimewo 109 nou pral chante nan Memorial la, yo soti nan nouvo liv kantik la. Si kongregasyon nou an gen reyinyon nan madi, nou dwe fè efò pou nou fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki itilize menm Sal Wayòm e li pa posib pou nou fè reyinyon an yon lòt jou, nou ka anile reyinyon sa a. Si gen kèk pati nan reyinyon sèvis la ki aplikab pou kongregasyon an, nou ka egzamine yo nan yon lòt reyinyon sèvis.
◼ Men Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove: Bèladè, Kwafè, Laskawobas, Pegivil, Petyonvil, Jakè, Site Kadè.