Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995. Fevriye: Pwoklamatè yo ap ofri youn nan piblikasyon sa yo: Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? Mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun nou kite liv la oubyen ak moun ki deja genyen l. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Apati mwa fevriye, siveyan sikonskripsyon yo ap bay yon nouvo diskou piblik ki gen tit: “Ki enfliyans laverite gen sou lavi w?”