Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Nan peyi d Ayiti, pwoklamatè yo kontinye montre yo gen lespri pyonye. Pou mwa oktòb la, nou te anrejistre yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo. Chif la se 1 968. Sa vle di 16 pousan nan tout pwoklamatè nan peyi a te patisipe nan yon fòm sèvis aplentan nan mwa oktòb. Pandan twa mwa youn dèyè lòt nou te anrejistre nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo.