BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/12 p. 7
  • De ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • De ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Egzanp: Vèv malerèz la
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Li mete plis pase tout moun
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Èske w te konnen ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Dènye jou Jezi nan tanp lan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 4/12 p. 7

De ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen

Yon fason enpòtan pou nou soutni enterè Wayòm nan se lè nou bay kontribisyon pou travay mondyal predikasyon an. Men, ki sa nou ka fè si nou pa gen gwo mwayen?

Yon jou, Jezi te wè yon malerèz ki vèv ki t ap mete de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen nan kès yo konn met ofrann nan tanp lan. Lanmou vèv sa a, “ki nan nesesite”, te genyen pou Jewova te pouse l bay “tout sa li te gen pou l viv”. (Mak 12:41-44.) Lefètke Jezi te pale de sa, sa montre kontribisyon vèv la te bay la te gen anpil valè nan je Bondye. Menm jan an tou, kretyen ki t ap viv nan premye syèk la pa t panse se moun ki rich yo sèlman ki gen privilèj e ki gen responsablite pou yo soutni travay predikasyon an nan domèn finansye. Apot Pòl te site egzanp kretyen Masedwàn yo. Malgre kretyen sa yo ‘te pòv anpil yo te mande apot yo pou yo jwenn privilèj pou yo bay ak tout kè yo’. — 2 Kor. 8:1-4.

Se sa k fè, si se “de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen” nou ka bay, nou mèt bay yo. Nou bezwen sonje piti piti fè chay. Ofrann nou bay ak tout kè nou ap fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan, li menm ki renmen bay, paske “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”. — 2 Kor. 9:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje