Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 29 avril 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou Lekòl la chak semèn.
1. Jan sa parèt nan Mak 10:6-9, ki rapèl enpòtan Jezi te bay sou maryaj? [4 mas, w08 15/2 p. 30 § 8]
2. Ki sa sa vle di sèvi Jewova ak tout nanm nou? (Mak 12:30) [4 mas, w97-F 15/10 p. 13 § 4]
3. A ki sa mo “doulè” nou jwenn nan Mak 13:8 la fè referans? [11 mas, w08 15/3 p. 12 § 2]
4. Nan ki sous Lik te fè rechèch lè l t ap konpile Evanjil ki pote non l lan? (Lik 1:3) [18 mas, w09 15/3 p. 32 § 4]
5. Lefètke Satan ap chèche yon “bon okazyon” pou l teste entegrite nou, ki sa sa dwe pouse nou fè? (Lik 4:13) [25 mas, w11 15/1 p. 23 § 10]
6. Kòman nou ka aplike pawòl nou jwenn nan Lik 6:27, 28 la? [25 mas, w08 15/5 p. 8 § 4]
7. Sa k fè Jezi te ka di yon fi moun te konnen kòm yon pechè peche l padone alòske Jezi potko mouri pou l te bay lavi l kòm ranson? (Lik 7:37, 48) [1ye avril, w10 15/8 p. 6-7]
8. Nan ki sans disip Kris yo dwe “rayi” fanmi yo? (Lik 14:26) [15 avril, w08 15/3 p. 32 § 1; w92-F 15/7 p. 9 § 3-5]
9. Ki efè “siy nan solèy la, nan lalin nan ak nan zetwal yo” pral genyen sou moun? (Lik 21:25) [22 avril, w97-F 1/4 p. 15 § 8-9]
10. Lè n ap fè fas ak eprèv ki rèd anpil, ki jan nou ka imite Jezi nan fason l te konn priye? (Lik 22:44) [29 avril, w07 1/8 p. 6 § 2]