Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Pandan ane sèvis 2014 la, asanble sikonskripsyon yo ak jounen asanble espesyal yo te byen reyisi. Nou te òganize 38 asanble nan tout peyi a. Te gen yon total 37 128 moun ki te asiste asanble sikonskripsyon yo e te gen 36 608 moun ki te asiste jounen asanble espesyal yo. Te gen 693 moun ki te batize nan asanble sa yo, se ekivalan 10 kongregasyon. Vrèmanvre Jewova te resevwa anpil glwa nan asanble sa yo.