Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa mas ak avril: Toudegad ak Réveillez-vous! Me ak jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? oswa youn nan feyè sa yo: Anba pouvwa kiyès monn nan ye toutbonvre?, Èske soufrans ap janm fini?, Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?
◼ Ane sa a, n ap fè Memoryal la vandredi 3 avril 2015. Si kongregasyon nou an gen reyinyon jou vandredi sa a, nou dwe fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan depi Sal la lib. Si yo oblije anile reyinyon sèvis la, kowòdonatè gwoup ansyen an ka fè chanjman nan pwogram reyinyon yo yon fason pou yo ka fè pati ki vrèman nesesè pou kongregasyon an yon lòt lè nan mwa a.
◼ Nou vle enfòme nou gen kèk videyo an kreyòl ayisyen se sou sit jw.org/fr la yo ye, nan antre LA BIBLE ET VOUS. Gen lòt videyo yo pral mete menm kote a ofiramezi yo tradui yo. Nou mande nou pou n al sou sit la regilyèman pou n ka gade yo. Men kote n ap jwenn yo: Ale sou www.jw.org/fr epi klike sou LA BIBLE ET VOUS > ADOLESCENTS > LE TABLEAU S’ANIME oubyen ENFANTS > DEVIENS L’AMI DE JÉHOVAH. Apre sa, klike sou videyo nou vle gade a, epi nan seksyon “Choisir une langue” ki parèt anba videyo a chwazi Créole d’Haïti. Si l pa nan lis la konnen li poko disponib.