BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/15 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2015
Ministè Wayòm nan — 2015
km 12/15 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 28 desanm 2015, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo tou bay dat yo egzamine chak sijè dekwa pou nou ka fè rechèch sou yo lè n ap prepare lekòl la chak semèn.

  1. Èske David te konn fè vyolans sou moun li te pran kòm kaptif yo jan kèk moun panse sa lè yo li 1 Kwonik 20:3 nan kèk tradiksyon Labib? [2 nov., w05-F 15/2 p. 27]

  2. Ki sa ki te motive David pou l montre yon etadespri donan, e ki sa k ap ede nou fè menm bagay la? (1 Kwo. 22:5) [9 nov., w05 1/10 p. 11 § 7]

  3. Ki sa David te vle di lè l te di Salomon: “Se pou w chèche byen konnen Bondye papa w la”? (1 Kwo. 28:9) [16 nov., w10-F 1/11 p. 30 § 3, 7]

  4. Ki sa demann Salomon te fè nan 2 Kwonik 1:10 la aprann nou sou li, e ki sa nou ka aprann lè nou egzamine priyè nou fè Jewova yo? (2 Kwo. 1:11, 12) [23 nov., w05-F 1/12 p. 19 § 5]

  5. Selon 2 Kwonik 6:29, 30, ki kapasite se sèlman Jewova ki genyen l, e poukisa nou ta dwe ouvri kè nou ba li lè n ap priye l? (Sòm 55:22) [30 nov., w10-F 1/12 p. 11 § 7]

  6. Sou ki sa Aza te baze pou l fè yon priyè pou l mande pou l pote laviktwa sou yon gwo lame e ki sa nou ka sèten anrapò ak lagè espirityèl n ap mennen an? (2 Kwo. 14:11) [7 des., w12 15/8 p. 8 § 6–p. 9 § 1]

  7. Kòman fason Jewova te aji ak wa Jozafa malgre move aksyon l te fè ban nou asirans Jewova gen lanmou pou nou, e ki efè sa dwe genyen sou fason nou konsidere lòt moun? (2 Kwo. 19:3) [14 des., w03 1/7 p. 28 § 13; cl p. 293 § 12]

  8. Jodi a, poukisa nou dwe “pran pozisyon nou” epi nou dwe “ret kanpe la”, e ki jan nou dwe fè sa? (2 Kwo. 20:17) [21 des., w05-F 1/12 p. 21 § 2; w03 1/6 p. 28 § 15-16]

  9. Ki rapèl enpòtan nou jwenn nan 2 Kwonik 21:20 anrapò ak lanmò Jeworam? [21 des., w98-F 15/11 p. 32 § 4]

  10. Selon 2 Kwonik 26:5, kiyès ki te gen yon bon enfliyans sou Ozyas lè l te jèn, e jodi a ki sa jèn yo ka fè pou yo jwenn byenfè nan men kretyen ki gen matirite nan kongregasyon an? [28 des., w07-F 15/12 p. 10 § 2, 4]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje