TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NEYEMI 9-11
Sèvitè Bondye yo ki fidèl soutni dispozisyon l pran
Pèp Bondye a te ofri tèt li pou l soutni vrè adorasyon an divès fason
Nasyon an te prepare l e li te selebre fèt Tonèl yo yon fason ki kòrèk
Chak jou, pèp la te reyini pou l koute lekti Lwa Bondye te bay la, e sa te ba l lajwa
Pèp la te konfese peche l yo, li te priye e li te mande Jewova pou l beni l
Pèp la te dakò pou l kontinye soutni tout dispozisyon Bondye pran yo
Kontinye soutni dispozisyon Bondye pran te gen ladan l:
Marye sèlman ak moun k ap adore Jewova
Bay lajan kòm ofrann
Obsève saba
Pote bwa pou lotèl la
Bay Jewova premye fwi nan rekòt yo fè ak premye pitit mouton yo genyen