TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 6-10
Estè te fè tout sa l kapab ni pou Jewova ni pou pèp Jewova a
Estè te montre li met kouraj sou li e li pa wè tèt li sèlman lè l te defann ni Jewova ni pèp Jewova a
Estè ak Madoche te chape anba konplo. Men, dekrè Aman te bay pou fè touye tout Juif ki te gaye nan tout rakwen nan Anpi an t ap avanse
Estè te riske lavi l ankò lè l t al parèt devan wa a san wa a pa t envite l. Li t ap kriye pou pèp li a e l te mande wa a pou l elimine dekrè terib sa a
Pèsonn pa t ka anile lwa wa a te siyen. Donk, wa a te bay Estè ak Madoche pouvwa pou yo ekri yon lòt lwa
Jewova te bay pèp li a yon gwo viktwa
Yo te bay yon lòt lwa ki te fè tout Juif yo konnen yo gen dwa pou yo defann tèt yo
Sèvitè wa yo t al tout kote nan Anpi an sou cheval, epi Juif yo te prepare yo pou batay la
Anpil moun te wè prèv ki montre Juif yo gen favè Bondye e yo te vin fè pati relijyon juif la