BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 septanm p. 3
  • “Mache selon lwa Jewova yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Mache selon lwa Jewova yo”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Annou mete konfyans nou nan Pawòl Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Kite Pawòl Bondye klere wout ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Ala renmen mwen renmen lwa w ! ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Sòm 37:4 — “Se nan SEYÈ a ou pran tout plezi ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 septanm p. 3

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 119

“Mache selon lwa Jewova yo”

Pou nou mache selon lwa Jewova yo, sa mande pou n soumèt anba direksyon Bondye ap ban nou ak tout kè nou. Nou gen anpil bèl egzanp nan Bib la konsènan moun ki te suiv lwa Jewova yo e ki te konte sou Jewova, menm jan ak moun ki te ekri sòm sa a.

Moun ki te ekri sòm nan te gen yon baton pou ede l mache

Nou gen vrè kè kontan an lè n mache selon lwa Jewova yo

119:1-8

Jozye k ap li yon woulo

Jozye te montre l gen yon konfyans total nan direksyon Jewova te ba li. Li te konnen pou l gen kè kontan e pou l reyisi, li te dwe fè Jewova konfyans ak tout kè l

Pawòl Bondye a ban nou kouraj pou n fè fas ak eprèv ki rive nan lavi nou

119:33-40

Jeremi ap priye

Jeremi te montre l gen kouraj e li gen konfyans nan Jewova lè l te nan sitiyasyon ki difisil. Li te kontinye mennen yon vi ki senp e li te kontinye ranpli asiyasyon l te genyen an

Lè nou gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a, sa fè nou gen konfyans pou nou preche

119:41-48

Pòl ap preche gouvènè Feliks

Pòl pa t pè preche okenn moun mesaj Bondye te ba l preche a. Li te gen yon konfyans total Jewova ap ede l lè l t ap preche gouvènè Feliks avèk kran

Moun ki te ekri sòm nan te gen yon baton pou ede l mache

Ki kote mwen ka bezwen montre m gen plis asirans lè m ap bay lòt moun temwayaj?

  • Nan lekòl

  • Nan travay

  • Nan fanmi

  • Lòt kote ankò

Yo te ekri Sòm 119 la sou fòm yon akwostich, oswa nan lòd alfabè a. Petèt se te pou ede moun sonje l yo te fè l konsa. Sòm sa a gen 22 stwòf, yo chak gen 8 vèsè. Chak vèsè nan yon stwòf kòmanse ak menm lèt nan alfabè ebre a. Piske gen 22 lèt nan alfabè ebre a, sòm sa a gen 176 vèsè, sa fè se sòm ki pi long lontan nan Bib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje