BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb16 desanm p. 5
  • “Men mwen! Voye m!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Men mwen! Voye m!”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Yo te sakrifye sa yo posede pou Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Èske w ap fè sakrifis pou Wayòm nan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Èske w ka sèvi kote ki manke bra ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
mwb16 desanm p. 5

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Men mwen! Voye m!”

Fanmi Williams fè preparasyon, epi yo deplase y al nan yon peyi etranje

Ezayi te demontre yon bon etadespri ki merite pou nou imite l. Li te montre l gen lafwa, epi san pèdi tan, li te reyaji devan bezwen ki te genyen, menm lè l pa t konnen tout detay (Eza 6:8). Èske w ka fè ajisteman nan lavi w pou w sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè (Sm 110:3)? Pa gen dout, li nesesè pou w “kalkile konbyen sa ap koute” pou w fè deplasman an (Lk 14:27, 28). Sepandan, se pou w dispoze fè sakrifis pou w fè travay predikasyon an (Mt 8:20; Mk 10:28-30). Jan sa parèt nan videyo Yo deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen an, benediksyon nou jwenn nan sèvis Jewova a pi plis lontan pase sakrifis nou fè yo.

APRE W FIN GADE VIDEYO A, REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki sakrifis moun nan fanmi Williams yo te fè pou y al sèvi ann Ekwatè?

  • Ki sa yo te egzamine lè yo t ap chwazi kote yo t apral sèvi a?

  • Ki benediksyon yo te jwenn?

  • Ki kote nou ka jwenn plis enfòmasyon sou kote nou ka al sèvi ki gen plis bezwen?

NAN PWOCHEN ADORASYON N AP FÈ AN FANMI, PALE SOU KESYON KI VIN APRE YO:

  • Antanke fanmi, ki fason nou ka fè plis nan travay predikasyon an? (km 8/11 4-6)

  • Si nou pa ka al sèvi kote ki gen plis bezwen, ki fason konsa nou ka ede kongregasyon nou ladan l lan? (w16.03 3-5)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje