BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 14-15
  • Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki sa nou ka aprann nan mirak Jezi te fè yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Li te renmen moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sa nou aprann sou Bondye pa mwayen pwofèt li yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 14-15
Diferan kalite moun k ap pase tan ansanm ak kè kontan nan paradi a sou tè a.

“Tè a gen pou l bay manje. Bondye, wi, Bondye nou an ap beni nou.’’ — SÒM 67:6.

Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan

Bondye te pwomèt Abraram, ki te pwofèt la, youn nan desandan l yo t apral fè “tout nasyon sou tè a” jwenn benediksyon (Jenèz 22:18). Kiyès desandan sa a t ap ye?

Sa gen prèske 2 000 an, Bondye te bay Jezi ki te yon desandan Abraram pouvwa pou l fè anpil gwo mirak. Mirak sa yo montre nasyon yo pral jwenn sa Bondye te pwomèt Abraram nan grasa Jezi. — Galat 3:14.

Mirak Jezi te fè yo te ede moun yo wè se li Bondye te chwazi pou pote benediksyon pou lèzòm, epitou, yo te montre jan Bondye pral sèvi avè l pou l beni lèzòm pou toutan. Remake ki jan mirak Jezi te fè yo ede n wè kèk nan bèl kalite li genyen yo.

Konpasyon: Jezi te geri moun ki malad.

Yon lè, gen yon mesye ki te gen lèp ki te sipliye Jezi pou l geri l. Jezi te touche l e l te di l: “Wi, mwen vle!” Lamenm, lèp la te disparèt sou mesye a. — Mak 1:40-42.

Renmen bay: Jezi te bay moun ki grangou manje.

Jezi pa t vle moun yo ale tou grangou. Nan plizyè okazyon, li te fè mirak kote li te bay plizyè milye moun manje lè l te fè kèk pen ak kèk ti pwason vin anpil (Matye 14:17-21; 15:32-38). Lè yo fin manje, vant yo tout te plen, e gen yon bon kantite manje ki te rete.

Pitye: Jezi te leve moun mouri.

“Avèk pitye”, Jezi te leve yon sèl pitit gason yon vèv, ki pa t gen lòt moun pou pran swen l, te genyen. — Lik 7:12-15.

BENEDIKSYON K AP LA POU TOUTAN SOU TÈ A

Jezi deja montre Bondye gen pouvwa pou l bay lèzòm benediksyon. Talè konsa, lè Jezi retounen, jan l te pwomèt sa, Bondye toupisan an pral sèvi avè l pou l fè anpil mirak ki pi gwo toujou sou tout tè a!

Lè Bondye ap reyalize pwomès li te fè Abraram nan, ki jan lavi a pral ye sou tè a? Moun ki renmen Bondye e ki respekte l yo “pral posede tè a” e “y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. (Sòm 37:11.) “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri, pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.

Se yon gwo benediksyon sa pral ye lè moun pral viv sou tè a pou toutan e nan lapè! Nou envite w pou aprann plis konsènan benediksyon Wayòm Bondye a pral pote talè konsa sou www.jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje