TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | REVELASYON 17-19
Gè Bondye k ap met fen nan tout gè a
Poukisa Jewova, “Bondye lanmou an, Bondye lapè a”, chwazi Pitit Gason l lan, “Prens lapè” a, pou fè gè sa a? — 2Ko 13:11; Eza 9:6.
Jewova ak Jezi renmen jistis e yo rayi mechanste
N ap gen lapè ansanm ak jistis nètale lè mechan yo pa la ankò
Se “avèk jistis” lame Bondye gen nan syèl la “fè lagè”, se sa cheval blan yo ak rad blan ki pwòp e ki fèt ak len bon kalite yo reprezante
Ki sa n ka fè pou n asire n n ap chape lè gè sa a ki enpòtan pral fèt? — Sf 2:3