BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 janvye p. 7
  • Kongrè nou gen chak ane yo se okazyon pou n demontre lanmou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kongrè nou gen chak ane yo se okazyon pou n demontre lanmou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Jewova ap rasanble pèp li a ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “ Nou pa pale menm lang, men nou ini grasa lanmou ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Manje espirityèl nan moman apwopriye
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jewova konnen sa nou bezwen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 janvye p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kongrè nou gen chak ane yo se okazyon pou n demontre lanmou

Delege ki pa gen menm kilti k ap fè foto ansanm nan yon kongrè entènasyonal.

Nou renmen kongrè nou genyen chak ane yo anpil! Poukisa? Menm jan sa te ye nan Izrayèl tan lontan an, kongrè nou gen nan epòk nou an souvan ban nou okazyon pou n adore Jewova avèk plizyè santèn, e menm plizyè milye nan frè ak sè nou yo. Nou renmen tout enfòmasyon nou jwenn k ap ede nou rete pwòch ak Jewova. Nou apresye tou bon ti tan nou pase avèk zanmi nou ak fanmi nou. Gwo apresyasyon nou genyen pou kongrè yo pouse n asiste toule twa jou yo.

Lè nou jwenn okazyon pou n reyini ansanm, nou pa dwe panse sèlman ak sa nou kapab jwenn, men tou nou dwe panse ak fason pou n demontre lanmou pou lòt moun (Ga 6:10; Eb 10:24, 25). Lè nou kenbe yon pòt pou frè nou oswa sè nou oswa nou kenbe sèlman plas nou bezwen, nou montre n ap chèche enterè pa lòt moun (Fp 2:3, 4). Kongrè yo ban nou bèl okazyon pou n fè nouvo zanmi. Anvan ak apre pwogram nan e pandan poz la, nou kapab fikse objektif pou n pale ak yon moun nou pa konnen (2Ko 6:13). Zanmi nou vin genyen nan okazyon sa a kapab la pou toutan! Sa k pi enpòtan an, lè lòt moun k ap gade wè fason n demontre vrè lanmou an, yo ka deside vin sèvi Jewova ansanm avèk nou. — Jan 13:35.

GADE VIDEYO KI GEN TIT KONGRÈ ENTÈNASYONAL “LANMOU PA JANM FAYI”!, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo ‘Kongrè entènasyonal “Lanmou pa janm fayi”!’ Delege yo ansanm ak frè ak sè k ap viv nan zòn nan k ap bay akolad e k ap swete youn lòt byenveni nan kongrè entènasyonal la.

    Ki jan yo te montre lanmou pou delege yo nan kongrè entènasyonal 2019 yo?

  • Yon sèn nan videyo ‘Kongrè entènasyonal “Lanmou pa janm fayi”!’ Frè ak sè k ap viv nan zòn nan ansanm ak delege yo k ap fè yon foto an gwoup.

    Poukisa inite ak lanmou ki gen pami pèp Bondye a vrèman estrawòdinè?

  • Yon sèn nan videyo ‘Kongrè entènasyonal “Lanmou pa janm fayi”!’ Yon gwoup frè ak sè koreyen kenbe yon ansèy e y ap souke l pou di moun k ap rive nan kongrè a byenveni

    Sou ki aspè nan lanmou nou genyen antanke kretyen an manm Kolèj santral yo te pale?

  • Yon sèn nan videyo ‘Kongrè entènasyonal “Lanmou pa janm fayi”!’ Yon ti fi ki kontan kenbe ‘Labib — Tradiksyon monn nouvo a’ li fèk resevwa.

    Ki jan w ka kontribye nan demontre lanmou nan kongrè nou yo?

    Ki jan lanmou nou genyen antanke kretyen an ini frè nou yo ann Almay ak nan Kore disid?

  • Ki detèminasyon nou dwe pran?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje