TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Kontinye montre w gen imilite menm lè w anba presyon
Imilite Moyiz te pase anba eprèv lè l te anba presyon e lè l te anba strès (Nb 20:2-5; w19.02 12 § 19)
Moyiz te pèdi imilite l pandan yon ti tan (Nb 20:10; w19.02 13 § 20-21)
Jewova te disipline Moyiz ak Arawon pou gwo erè yo te fè a (Nb 20:12; w09 1/10 19 § 5)
Yon moun ki gen imilite se yon moun ki pa fache fasil, ki pa pran tèt li pou yon pakèt afè e ki pa wè tèt li sèlman. Menm lè yon moun fè l yon bagay ki mal, li kapab aji avèk pasyans, san li pa fache e li pa gen rankin, ni li pa fè moun nan menm sa l te fè l la.