BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 jiyè p. 5
  • “Pa janm bay tèt nou pwoblèm”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Pa janm bay tèt nou pwoblèm”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Talè konsa pral gen yon monn san povrete
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Annou ede moun ki pòv yo gen espwa
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Rapèl pou kongrè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Menm jan ak Jezi, montre nou enterese nan moun ki pòv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 jiyè p. 5
Yon fanmi ki gen sis moun ki pa gen gwo mwayen k ap mache nan vwazinaj yo ki pòv tou pou y al rankontre frè yo pou patisipe nan aktivite espirityèl.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Pa janm bay tèt nou pwoblèm”

Jewova te ede moun ki pòv nan Izrayèl tan lontan an. Jodi a, ki kèk fason Jewova ede moun ki pòv pami sèvitè l yo?

  • Li anseye yo pou yo gen yon pwennvi ekilibre sou lajan. — Lk 12:15; 1Ti 6:6-8

  • Li ede yo pou yo gen respè pou tèt yo. — Jb 34:19

  • Li anseye yo pou yo travay di epi evite abitid k ap lage yo nan pwoblèm. — Pw 14:23; 20:1; 2 Kor. 7:1

  • Li fè yo fè pati bèl fanmi nou fòme antanke kretyen an. — Jan 13:35; 1J 3:17, 18

  • Li ba yo espwa. — Sm 9:18; Eza 65:21-23

Kèlkeswa jan lavi a ta difisil pou nou, nou pa dwe bay tèt nou pwoblèm (Eza 30:15). Jewova ap pran swen nou nan domèn materyèl toutotan nou kontinye mete Wayòm nan an premye. — Mt 6:31-33.

GADE VIDEYO KI GEN TIT LANMOU PA JANM FAYI MENMSI. . . NOU PÒV — KONGO, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon pati nan videyo ‘Lanmou pa janm fayi menmsi... nou pòv — Kongo.’ Yon gwo gwoup frè ak sè k ap mache pou ale nan lokal kote yo fè kongrè. Anpil nan yo pote chèz pa yo ak lòt bagay pèsonèl.

    Ki jan frè ak sè k ap viv toupre kote yo fè kongrè rejyonal yo te demontre ospitalite pou frè ki te dwe vwayaje pou vin nan kongrè a?

  • Yon pati nan videyo ‘Lanmou pa janm fayi menmsi... nou pòv — Kongo.’ Yon frè ap ranje kabann lakay li pou frè k ap vwayaje soti lwen yo.

    Ki sa videyo sa a aprann nou sou lanmou Jewova genyen pou moun ki pòv yo?

  • Yon pati nan videyo ‘Lanmou pa janm fayi menmsi... nou pòv — Kongo.’ Frè yo ap abiye pou y al nan kongrè.

    Ki jan nou ka imite Jewova kèlkeswa sa nou posede nan domèn materyèl?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje