BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 septanm p. 15
  • Paran, ede pitit ou gen sajès ki soti nan Bondye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Paran, ede pitit ou gen sajès ki soti nan Bondye a
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak prensip biblik yo pou w ede pitit ou reyisi
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Moun ki “nan bon dispozisyon” yo ap koute
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Chèche gen sajès lè w li Bib la chak jou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 septanm p. 15
Yon sè k ap ede pitit li yo fè kòmantè epi suiv pandan yon reyinyon kongregasyon an.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Paran, ede pitit ou gen sajès ki soti nan Bondye a

Youn nan pi bon fason paran yo ka ede timoun yo gen sajès ki soti nan Bondye a, se lè yo ede yo jwenn byenfè nan reyinyon yo. Sa jèn yo wè, sa yo tande, ak sa jèn yo di nan kòmantè y ap fè nan reyinyon yo ka ede yo aprann sou Jewova e pou yo vin bon zanmi l (Dt 31:​12, 13). Si w se yon paran, ki jan w ka ede pitit ou pi byen pwofite reyinyon yo?

  • Fè gwo efò pou w asiste reyinyon yo an pèsòn. — Sm 22:22

  • Rezève tan pou n ankouraje frè n ak sè n yo nan sal Wayòm nan anvan oswa apre reyinyon. — Eb 10:25

  • Asire w chak moun nan fanmi an gen yon kopi piblikasyon y ap etidye nan reyinyon an, kit se sou fòma elektwonik oswa enprime

  • Ede pitit ou prepare yon kòmantè nan pwòp mo pa l.  — Mt 21:​15, 16

  • Pale yon fason ki pozitif konsènan reyinyon yo ak enstriksyon nou resevwa ladan yo

  • Ede pitit ou enplike nan yon seri aktivite tankou netwayaj sal Wayòm nan epi ankouraje yo pale ak moun ki granmoun nan kongregasyon an

Ede pitit ou yo pou yo vin pwòch ak Jewova mande anpil travay, e pafwa sa ka sanble twòp pou ou. Sepandan, ou ka konte sou èd Jewova. — Eza 40:29.

GADE VIDEYO KI GEN TIT PARAN, FÈ JEWOVA KONFYANS E KONTE SOU FÒS LI, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki efè fatig te gen sou Zack ak Leah?

  • Poukisa paran yo ta dwe chèche fòs nan Jewova?

  • Nan ki sans Zack ak Leah te konte sou Jewova pou yo reyisi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje