BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb24 novanm p. 4-5
  • 18-24 novanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 18-24 novanm
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2024
mwb24 novanm p. 4-5

18-24 NOVANM

SÒM 107-108

Kantik 7 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Di Jewova mèsi paske li bon”

(10 min.)

Menm jan Jewova te delivre pèp Izrayèl la anba men Babilòn, se konsa tou li delivre nou anba monn Satan an (Sm 107:​1, 2; Kol 1:​13, 14)

Rekonesans nou gen pou Jewova pouse nou fè louwanj pou li nan kongregasyon an (Sm 107:​31, 32; w07 1/5 8 § 2)

Nou ka vin gen plis rekonesans pou Jewova lè nou byen reflechi sou sa l fè ki montre li gen lanmou (Sm 107:43; w15 15/1 9 § 4)

Foto ki ansanm: Fason nou ka fè louwanj pou Jewova. 1. Frè ak sè k ap chante nan yon reyinyon kongregasyon an. 2. Yon frè k ap fè kòmantè nan yon reyinyon. 3. De sè k ap preche kay an kay.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 108:9 — Poukisa petèt yo te konpare Mowab ak “kivèt” Bondye? (it-2 303 § 5)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Sm 107:​1-28 (th leson 5)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. (lmd leson 1 pwen 4)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Pale ak moun nan konsènan pwogram etid Labib nou an, epi bay moun nan yon kat etid Labib. (lmd leson 9 pwen 3)

6. Diskou

(5 min.) ijwyp 90 — Tèm: Ki jan m ka evite gen panse ki negatif? (th leson 14)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 46

7. Nou chante pou n di Jewova mèsi

(15 min.) Konvèsasyon.

Apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo ki te pè anpil anba men gwo lame Ejipsyen an nan Lanmè Wouj, pèp la te chante pou yo di Jewova mèsi (Eg 15:​1-19). Mesye yo te pran latèt pou chante nouvo chante sa a (Eg 15:21). Jezi ak kretyen yo nan premye syèk la te konn chante pou yo louwe Bondye (Mt 26:30; Kol 3:16). Nou kontinye montre rekonesans nou pou Jewova lè nou chante nan reyinyon kongregasyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Pa egzanp, n ap chante kantik nou sot chante la a, ki gen tit “Mèsi Jewova”, nan reyinyon nou yo depi nan ane 1966.

Nan kèk kilti, mesye yo ka jennen pou yo chante an piblik. Gen lòt moun ki ka renka pou yo chante paske yo santi yo pa gen bèl vwa. Epoutan, nou ta dwe sonje lè nou chante nan reyinyon nou yo, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Òganizasyon Jewova a fè anpil efò pou l prepare bèl chante e pou l chwazi kantik ki apwopriye pou chak reyinyon. Sèl sa nou gen pou n fè se mete vwa nou ansanm pou n chante ak tout kè nou pou n eksprime lanmou ak rekonesans nou gen pou Papa nou ki nan syèl la.

Pase VIDEYO Nou gen yon istwa ki vrèman rich — Chante se yon kado, pati 2. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

    Yon sèn nan videyo “Nou gen yon istwa ki vrèman rich — Chante se yon kado, pati 2”. Frè F. W. Franz k ap prezante “Liv kantik sèvis Wayòm nan” (anglè).
  • Ki gwo evènman ki te rive nan ane 1944?

  • Yon sèn nan videyo “Nou gen yon istwa ki vrèman rich — Chante se yon kado, pati 2”. Byen ta nan aswè, yon frè nan peyi Siberi ap kache yon anrejistreman chante frè ak sè yo te chante nan yon manto.
  • Ki jan frè nou yo nan Siberi demontre rekonesans yo pou kantik Wayòm yo?

  • Yon sèn nan videyo “Nou gen yon istwa ki vrèman rich — Chante se yon kado, pati 2”. Frè ak sè k ap chante nan yon kongrè e gen yon òkès ki akonpaye yo.
  • Poukisa chante enpòtan konsa pou Temwen Jewova yo?

8. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 18 § 6-15

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 73 ak priyè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje