BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 septanm p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • “Byennere moun ki kenbe fidelite” yo devan Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Poukisa nou dwe respekte otorite?
    “Rete nan lanmou Bondye”
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 septanm p. 31
Yon foto ki montre Jewova ki chita sou yon twòn ann emwòd e gen anpil zanj toutotou l. Gen limyè ki klere anpil k ap flache toutotou twòn nan.

Kesyon lektè yo poze

Èske Eklezyas 5:8 ap pale de chèf sou tè a, oubyen èske se de Jewova l ap pale?

Men sa nou li nan vèsè sa a ki enteresan: “Si w wè yon chèf ap fè moun ki malere abi e li pa respekte sa ki jis ak sa ki dwat nan zòn ou an, pa sezi pou sa. Paske gen yon chèf ki gen pi gwo pozisyon pase l k ap gade l, epi gen lòt chèf ki gen pi gwo pozisyon pase yo.” — Ekl. 5:8.

Yon moun k ap li vèsè sa a ka di li byen dekri moun ki gen otorite nan gouvènman yo. Men, vèsè sa a ale pi lwen toujou, li bay yon verite sou Jewova ki ta dwe konsole nou e ki ta dwe ankouraje nou.

Eklezyas 5:8 ap pale de yon chèf k ap toupizi moun ki pòv e ki pa fè yo jwenn jistis. Chèf sa a dwe sonje gen yon moun ki gen pi gwo pozisyon oswa ki gen plis otorite pase l nan gouvènman an ki ka ap gade l. E gen lòt moun ki ka menm gen pi gwo pozisyon toujou. Malerezman, nan gouvènman lèzòm yo, tout dirijan sa yo ka nan koripsyon e moun ki fè pati pèp la ap soufri akoz koripsyon ki genyen yo.

Men, menm lè ta sanble pa gen espwa, nou ka jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Jewova ap ‘gade menm moun ki gen gwo pozisyon’ nan gouvènman lèzòm yo. Nou ka mande Bondye èd e nou ka lage chay nou yo sou li (Sòm 55:22; Flp. 4:6, 7). Nou konnen “je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo”. — 2 Kwo. 16:9.

Kidonk, Eklezyas 5:8 fè n sonje nan ki sitiyasyon gouvènman lèzòm yo ye toutbon, e toujou gen yon moun ki gen plis otorite pase lòt. Sa k pi enpòtan an, vèsè sa a ka ede n sonje se Jewova ki gen pi gwo pozisyon an, wi, se li ki gen plis otorite. Kounye a, l ap dirije pa mwayen Jezi Kris, Pitit li a, ki Wa nan Wayòm nan. Toupisan an, Sila a k ap gade tout moun ak tout bagay, toujou aji avèk jistis, e Pitit li a aji menm jan an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje