BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jiyè p. 32
  • Etidye nan objektif pou w pataje sa w aprann

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Etidye nan objektif pou w pataje sa w aprann
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka jwenn trezò k ap itil ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Annou chèche jwenn fòs ak satisfaksyon nan bagay espirityèl yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ki jan w ka pataje bon nouvèl la ak lòt moun?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jiyè p. 32

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Etidye nan objektif pou w pataje sa w aprann

Lè n ap etidye Bib la, nou santi n byen. Men, n ap santi n pi byen toujou lè n pataje bèl trezò nou jwenn yo ak lòt moun. Pwovèb 11:25 di: “Moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.”

Lè n pataje sa n aprann ak lòt moun, l ap pi fasil pou n sonje yo annapre e n ap pi byen konprann yo. Epitou, piske trezò nou jwenn yo kapab ede lòt moun, nou kontan pataje yo ak yo. — Tra. 20:35.

Yon bagay ou ka fè: Nan semèn k ap vini an, chèche okazyon pou w pataje sa w aprann ak yon lòt moun. Ou ka fè sa ak yon moun nan fanmi w, yon moun nan kongregasyon an, yon kòlèg travay ou, yon kondisip ou, yon vwazen w oswa yon moun ou rankontre nan travay predikasyon an. Lè w ap pataje sa w aprann avèk yo, eseye fè sa yon fason ki senp e ki klè.

Sa pou w sonje: Pataje sa w aprann pou w ankouraje lòt moun, men, pa fè sa paske w ap chèche montre ou konn anpil bagay.— 1 Kor. 8:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje