BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 169-170
  • Kid yo aksepte laverite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kid yo aksepte laverite
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 169-170
Yon sè k ap etidye Labib ak yon dam nan lang kid.

JÒJI

Kid yo aksepte laverite

MEN sa yon sè ki rele Gulizar fè konnen: “Byen souvan, lè m ap priye, mwen di Jewova mèsi anpil anpil dèske mwen te gen posiblite aprann konnen l nan lang manman m.”

Gulizar te gen kontak ak Temwen Jewova yo pandan uit an, men se apre l te fin asiste reyinyon nan lang kid, ki se lang manman l, li te resi batize. Li se youn nan anpil Kid ki te aksepte laverite an Jòji nan ane ki sot pase yo. Men, kiyès Kid yo ye?

Kid yo se yon pèp ki abite nan zòn Mwayen Oryan depi plizyè syèk. Gen kèk biblis ki panse yo se desandan moun Medi nan tan lontan Labib pale de yo a (2 Wa 18:11; Tra. 2:9). Lang yo pale a fè pati gwoup lang yo rele lang irànyen yo.

Jounen jodi a, gen plizyè milyon kid k ap viv nan plizyè peyi, tankou Ameni, Irak, Iran, Siri ak Tiki. Gen apeprè 20 000 Kid an Jòji. An jeneral, yo se moun ki renmen Bondye e ki gen anpil respè pou bagay espirityèl.

Kounye a, gen 500 pwoklamatè kid an Jòji, e gen twa kongregasyon nan lang kid. An 2014, frè ak sè yo te byen kontan fè premye kongrè rejyonal yo nan lang kid nan vil Tibilisi, kote yo te gen delege ki soti ann Almay, ann Ameni, ann Ikrèn e an Tiki.

Timoun kid k ap gade videyo Kalèb ak Sofya.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje