BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 34
  • Èske Temwen Jewova yo gen Bib pa yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo gen Bib pa yo?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Sou menm sijè a
  • Èske Tradiksyon monn nouvo a egzat?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Yon tradiksyon Labib ki vivan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • A1 Prensip pou yo fè tradiksyon Labib
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 34
Yon moun k ap li Bib la

Èske Temwen Jewova yo gen Bib pa yo?

Temwen Jewova yo konn itilize plizyè tradiksyon Labib lè y ap etidye Bib la. Sepandan, lè Tradiksyon monn nouvo a disponib nan yon lang, nou renmen sèvi avè l pito. Rezon an se paske li gen non Bondye ladan l, li egzat e li fasil pou moun konprann.

  • Non Bondye. Gen kèk moun ki konn pibliye Labib ki pa bay Moun ki mèt Bib la onè li merite a. Pa egzanp, nan yon tradiksyon Labib, yo ekri non plis pase 70 moun ki te patisipe yon fason oswa yon lòt nan pibliye tradiksyon Labib sa a. Epoutan, nan menm tradiksyon sa a, yo pa menm mete non Moun ki mèt Bib la, anpalan de Jewova!

    Kontrèman ak tradiksyon Labib sa yo, Tradiksyon monn nouvo a mete non Bondye plizyè milye kote non an te parèt nan tèks orijinal la. Anplis de sa, komite ki pibliye tradiksyon sa a pa bay non moun ki te patisipe nan tradiksyon an.

  • Egzat. Se pa tout tradiksyon Labib ki bay mesaj ki nan Bib la yon fason ki egzat. Pa egzanp, men kòman yon tradiksyon Labib tradui Matye 7:13: “Antre nan pòt jis la, paske, pòt lanfè a laj e chemen ki mennen ladan l lan fasil.” Sepandan, nan tèks orijinal la, yo te itilize yon ekspresyon lè yo tradui l ki vle di “destriksyon”, men ki pa vle di “lanfè”. Petèt tradiktè yo te mete mo “lanfè” a paske yo kwè Bondye pral toumante mechan yo nan yon dife lanfè. Men, se pa sa Labib anseye. Tradiksyon monn nouvo a tradui vèsè sa a yon fason ki egzat. Men sa l di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki laj e ki gran.”

  • Fasil pou moun konprann. Se vre yon bon tradiksyon Labib dwe egzat, men, li dwe fasil pou moun konprann tou. Ann pran yon egzanp. Nan Women 12:11, apot Pòl te itilize yon ekspresyon ki vle di mo pou mo “nan lespri k ap bouyi a”. Etandone jodi a, ekspresyon sa a pa fin klè nan lang kreyòl la, Tradiksyon monn nouvo a tradui vèsè sa a yon fason ki fasil pou moun konprann. Li di kretyen yo dwe kite “lespri a chofe” yo.

Nonsèlman yo mete non Bondye nan Tradiksyon monn nouvo a, men tou, tradiksyon sa a egzat e li fasil pou moun konprann. Anplis de sa, gen yon lòt bagay ankò ki fè l pa tankou lòt tradiksyon Labib yo: Li gratis. Konsa, plizyè milyon moun kapab li Bib la nan lang manman yo, san wete moun ki pa gen ase kòb pou yo achte yon bib.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje