BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwwd chap. 10
  • Fason dan zuit yo rele patèl la fèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason dan zuit yo rele patèl la fèt
  • Ki kote mèvèy sa a soti?
Ki kote mèvèy sa a soti?
ijwwd chap. 10
Yon kalite zuit.

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason dan zuit yo rele patèl la fèt

Gen yon kalite zuit yo rele patèl ki gen fòm kone, ki gen dan ki di anpil. Dan yo fèt ak yon mineral ki di e ki gen fè ladan l yo rele gotit, e li melanje ak yon pwoteyin ki pi mou.

Fè yon ti reflechi: Zuit sa a gen yon bagay ki tankou yon lang nan bouch li ki kouvri ak plizyè ranje dan, chak dan mezire mwens pase yon milimèt ki tankou yon lim. Chak dan yo dwe di anpil pou yo kapab manje limon ki kole sou wòch yo ki anba dlo.

Moun k ap fè rechèch yo te itilize yon mikwoskòp ki fò anpil pou yo mezire kantite pwa li kapab sipòte anvan l kase. Yo rive wè dan patèl yo pi di pase tout lòt bagay yo te deja egzamine, li menm pi di pase fil arenyen. Moun ki pran latèt nan rechèch la te di: “Nou ta dwe reflechi sou fason nou kapab imite dan zuit yo rele patèl la nan sa n ap fè yo.”

Moun k ap fè rechèch yo kwè yo kapab fè yon materyo ki tankou dan zuit yo rele patèl la pou yo fè machin, bato, avyon e pou yo menm fè fo dan pou moun.

Ki sa w panse? Èske fason estrawòdinè dan zuit yo rele patèl la fèt la egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje