Tranblemanntè ann Ayiti — Lafwa ak lanmou ann aksyon
Madi 12 janvye 2010, 4 è 53 nan aprèmidi, Evelyn tande yon bwi k ap gwonde anba pye l ki sanble ak bwi yon gwo avyon e li santi tè a kòmanse tranble. Pa twò lwen, gen yon seri poto kay an beton k ap krake, k ap fè bwi e gen yon seri bilding k ap tonbe. Lè tranblemanntè a fin pase, Evelyn monte yon kote ki pi wo pou l ka wè pi byen, epi l gade toutotou l. Tout kote se rèl. Yon nyaj pousyè beton te kouvri Pòtoprens, kapital la.
NAN kèk segonn sèlman, kay prive, bilding gouvènman, bank, lopital ak lekòl te tonbe. Te gen plis pase 220 000 moun ki te mouri, e anviwon 300 000 moun ki te blese.
Anpil nan moun ki pa t mouri yo te rete chita frèt frèt, an silans, akote kay yo ki kraze. Gen lòt menm ki t ap fouye nan dekonm yo avèk men yo, ak tout fòs yo, pou yo wè si y a sove fanmi yo ak vwazen yo. Pa t gen kouran ankò, e yon ti tan apre, solèy te kouche. Sa te fè moun k ap pote sekou yo te oblije travay ak flach oswa balèn nan men yo.
Nan vil Jakmèl, Ralphendy, ki gen onzan, kwense anba yon kay ki gen yon pati ladan l ki tonbe. Pandan plizyè èdtan, yon ekip moun nan vil la ki vin pote l sekou met tout yo menm nan travay la pou yo wè si y a fè l soti. Sekous ki vin annapre yo fè yo oblije kanpe travay la paske yo pè pou etaj ki fann yo pa tonbe sou yo. Gen yon misyonè Temwen Jewova ki rele Philippe, ki te refize bay legen, ki te di: “Mwen pa t kapab wè mwen menm k ap kite Ralphendy la pou l mouri.”
Philippe ak twa lòt moun antre nan yon ti espas anba kay kraze a e yo avanse tikras pa tikras avèk prekosyon nan direksyon kote Ralphendy kouche a. Te gen yon bann dekonm ki te kwense pye l. A minui, yo kòmanse retire dekonm yo avèk prekosyon. Chak fwa gen yon sekous, yo tande beton sou tèt yo a k ap deplase e k ap krake. A 5 è dimaten, plis pase 12 èdtan apre tranblemanntè a, yo soti anba kay la ak Ralphendy.
Malerezman, bagay yo pa t pase konsa a chak fwa. Nan vil Leyogàn, ki te frape fò anpil, Roger ak Clid, pi gran pitit gason Roger a, chape pandan kay yo a ap tonbe. Clarence, pitit gason l ki pi jèn nan, mouri. Clana, madanm Roger, vivan toujou e l ap pale, men tèt li kwense anba plafon ki tonbe sou li a. Roger ansanm ak yon zanmi fè tout sa yo kapab pou yo retire l kote l ye a. Pandan Clana anba dekonm yo, li di: “Fè vit! Mwen santi m ap pèdi fòs! Mwen pa ka respire ankò!” Twazèdtan apre, gen yon ekip ki vin pote l sekou, men, lè yo leve l met deyò, li te gentan mouri.
Mèkredi 13 janvye, dezyèm jou
Lè solèy la kòmanse leve, moun yo rann yo kont ki kantite dega ki fèt. Pifò Pòtoprens kraze. Ofiramezi moun tout kote sou tè a ap aprann sa k pase a, gen òganizasyon imanitè ak anpil moun tout kote ki mobilize pou yo vin bay èd yo. Volontè ki soti nan filyal Temwen Jewova Repiblik dominikèn nan te santi tranblemanntè a tou, byenke gen anviwon 300 kilomèt ki separe yo ak Pòtoprens. Lè Temwen dominiken yo aprann episant lan te toupre Pòtoprens, kote prèske twa milyon nan moun k ap viv nan peyi a abite, lapoula, yo kòmanse planifye travay sekou a. Ayiti gen nèf milyon moun ladan l.
Sa gen 150 an depi yon gwo tranblemanntè konsa te frape Ayiti. Sa gen lontan depi yo te sispann bati kay ann Ayiti ki kapab reziste anba tranblemanntè e yo plis bati kay ki kapab pwoteje popilasyon an kont siklòn ak inondasyon. Se sa k fè pifò nan mi an blòk yo ak tèt kay an beton yo pa t kapab reziste devan tranblemanntè sa a ki te mezire 7.0. Sepandan, yo te bati filyal Temwen Jewova yo an 1987 selon nòm parasismik, sa vle di selon yon seri prensip ki pèmèt konstriksyon reziste kont tranblemanntè. Byenke filyal la nan pwent lès Pòtoprens, anyen pa t rive l.
Anvan lontan, filyal Ayiti a te vin yon sant sekou kote te gen anpil aktivite. Piske moun ki nan filyal yo pa t ka fè apèl entènasyonal e yo pa t ka sèvi ak Entènèt, yo t al sou fwontyè Repiblik dominikèn nan de fwa pou yo te kapab voye rapò bay syèj mondyal la. Pandan tan sa a, plizyè santèn moun ki te viktim te vin nan filyal Ayiti a. Anpil nan yo te blese grav. Yo te mennen kèk nan yo nan de twa lopital ki t ap fonksyone nan zòn nan toujou, e sa pa t pran lontan pou lopital sa yo te plen.
Toutotou lopital sa yo, gen moun ki te kouche atè, ki t ap senyen e ki t ap rele. Nan mitan moun sa yo, te gen yon sè ki rele Marla yo te retire anba dekonm kote li te pase uit èdtan. Li pa t kapab santi janm li, ni li pa t kapab bouje yo. Kèk vwazen te retire l anba dekonm yo e yo te mennen l lopital. Evan, yon Temwen Jewova ki doktè ki te fèk soti Repiblik dominikèn, te deside li pral chèche Marla byenke se non l sèlman li te konnen e li pa t konn nan ki lopital yo te mennen l.
Lè sa a, 24 èdtan te deja pase depi tranblemanntè a e li te deja fènwa. Pandan Evan t ap chèche sè a nan lakou yon lopital, li priye nan kè l e li kontinye ap rele non Marla pandan l ap janbe kadav atè a. Finalman, li tande yon moun ki di: “Wi!” Se te Marla ki t ap gade l ak yon souri sou vizaj li. Evan sezi lè l wè l ap souri, e li mande l: “Poukisa w ap souri konsa a?” Marla reponn li: “Se paske kounye a mwen wè m gen frè espirityèl mwen bò kote m.” Lapoula, dlo ponpe nan je Evan.
Jedi 14 janvye, twazyèm jou
Syèj mondyal Temwen Jewova yo, ki Ozetazini, te mete ansanm ak filyal nan peyi Kanada, Repiblik dominikèn, Lafrans, Almay, Gwadloup, Matinik ak filyal nan lòt peyi ankò pou yo kowòdone travay sekou a pou yo te ka byen sèvi ak materyo ki te disponib yo, jere kesyon transpò, kominikasyon ak lajan e pou yo te ka byen itilize kantite volontè ki te disponib yo. Antou, te gen 78 Temwen Jewova ki travay nan domèn medikal ki te vin bay èd pa yo ansanm ak anpil lòt volontè. A 2 è 30 dimaten, premye kamyon ki t ap pote sekou a te kite filyal Repiblik dominikèn nan pou l al Ayiti. Li te gen manje, dlo, medikaman ak lòt bagay ankò ladan l. Tout bagay sa yo te peze anviwon 6 804 kilogram.
Lè kamyon an rive nan menm maten an, staf Temwen Jewova nan biwo filyal Ayiti a te fè aranjman pou yo distribye bagay yo te resevwa yo. Pou vòlè pa t vòlè manje yo pou y al revann, volontè yo te fè yon mwayen pou moun pa konnen sa y ap pote. Volontè yo te travay lajounen kou lannuit ap mete manje ak lòt pwodui nan ti sache nwa pou distribye bay kèk fanmi ak kèk moun. Nan mwa ki t apral suiv yo, Temwen Jewova yo te distribye gratis plis pase 450 000 kilogram tout kalite pwodui, san wete 400 000 plat manje.
Vandredi 15 janvye, katriyèm jou
Bò zòn midi, te deja gen 19 Temwen Jewova ki te soti Repiblik dominikèn ak Gwadloup ki te rive ann Ayiti. Ladan yo te gen doktè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl ki travay nan domèn medikal. Yo pa t pran tan pou yo mete yon klinik sou pye pou bay premye swen. Pami moun ki te jwenn swen yo, te gen kèk timoun ki te blese ki te soti nan yon òfelina ki te gen yon bann timoun ladan l. Anplis de sa, Temwen Jewova yo te bay òfelina a manje ak prela. Étienne, direktè òfelina a, te di: “Mwen gen Temwen Jewova yo anpil rekonesans. Mwen pa konn sa m t ap fè san yo.”
Yo jwenn yon tifi ki te pèdi
Pandan tranblemanntè a, Islande, yon tifi ki gen setan, t ap gade deyò, li wè fil kouran k ap vide spak atè pandan y ap kase. Anndan kay la, blòk ki nan mi yo degrengole tonbe sou li, yo kase pye l e yo blese l grav. Apre yo fin retire l anba dekonm yo, Johnny, papa l, travèse fwontyè Repiblik dominikèn nan avè l pou l mennen l lopital. Ansuit, yo te transpòte Islande ann ijans nan yon lopital Santo Domingo, kapital peyi a. Annapre, lè Johnny rele lopital la, yo fè l konnen yo pa jwenn Islande.
Johnny pase de jou ap chèche l toupatou. Yo te mennen l nan yon lòt lopital. Nan lopital sa a, gen yon volontè ki tande l k ap priye Jewova (Sòm 83:18). Volontè a mande l: “Èske w renmen Jewova?” Pandan Islande ap kriye li reponn: “Wi.” Pou volontè a ba l kouraj, li di l: “Enben, ou pa bezwen pè, Jewova ap ede w.”
Johnny mande filyal Temwen Jewova ki Repiblik dominikèn nan pou yo ede l jwenn Islande. Gen yon sè Temwen ki rele Melanie ki pote l volontè pou l chèche l. Pandan Melanie ap poze kesyon nan yon lopital, volontè ki te tande Islande ap priye a tande konvèsasyon an e li montre kote Islande ye. Yon ti tan apre, Islande rejwenn fanmi l ankò.
Operasyon ak reyabilitasyon
Anpil nan moun ki te blese yo, swa yo te resevwa yon swen minim, swa yo pa t resevwa okenn swen anvan yo te vin nan klinik filyal Temwen Jewova Ayiti a te met sou pye a. Bra yo oswa janm yo ki te blese te kòmanse pouri. Trè souvan, pou yo te sove lavi pasyan yo, yo te oblije koupe pati nan kò yo ki te blese a. Nan premye jou apre tranblemanntè a, pa t gen anpil ekipman pou doktè yo opere, pa t gen anpil medikaman, e anestezi ki te disponib la pa t anpil. Sitiyasyon an te twomatize menm doktè yo. Gen yon doktè ki te di: “Gen kèk imaj ak kèk son mwen ta renmen Bondye retire nan memwa m.”
Dezyèm semèn apre tranblemanntè a, te gen kèk doktè Temwen Jewova ki te soti ann Ewòp ak tout ekipman yo ki te kòmanse vini e ki te gen eksperyans nan fè operasyon konplike ki pa ka tann. Ekip medikal la te fè 53 operasyon e yo te bay plizyè milye lòt kalite tretman. Wideline, yon Temwen ki gen 23 an, te rive Pòtoprens yon jou anvan tranblemanntè a. Bra l te kraze e yo te oblije koupe bra a nan yon lopital nan zòn nan. Annapre, fanmi l te mennen l Pòdepè, ki a anviwon setèdtan parapò ak Pòtoprens. Sepandan, sitiyasyon l te vin pi mal e staf nan lopital kote yo te mennen l lan te sispann ba l swen paske yo te panse l t ap mouri.
Lè Temwen yo aprann sa, yo fòme yon ekip medikal ki te vwayaje sot Pòtoprens pou l al chèche Wideline yon fason pou yo te ka ba l plis swen. Lè lòt pasyan yo wè frè yo vin chèche l, yo bat bravo. Grasa èd fanmi l ak moun nan kongregasyon l lan ba li, Wideline adapte l ak nouvo sitiyasyon l lan ase byen.
Temwen nan Repiblik dominikèn yo te lwe kay pou yo akeyi malad frè Ayiti yo te voye al pran swen lòt bo a. Te gen diferan ekip ki te gen frè ak sè Temwen Jewova ladan yo ki te doktè, enfimyè, pwofesyonèl ki fè terapi ak lòt pwofesyonèl ankò ki te travay nan diferan lè pou yo te ka pran swen malad yo. Yo te pran plezi ede malad yo reprann yo.
Yo pataje lafwa yo ak esperans yo ak pwochen yo e yo montre yo gen lanmou pou yo
Se sèlman 6 nan 56 Sal Wayòm ki gen nan zòn tranblemanntè a te pase a ki te andomaje grav. Pifò Temwen ki te deplase yo t al rete nan Sal Wayòm ki pa t andomaje yo oswa sou yon teren vid. Piske Temwen yo te deja abitye rasanble ansanm, yo te òganize yo menm jan yo konn fè sa lè gen kongrè ak asanble.
Men sa yon Temwen ki ansyen ki rele Jean-Claude te di: “Nou te kontinye suiv pwogram espirityèl nou abitye genyen nan kongregasyon an. Sa te pèmèt Temwen yo, jèn kou granmoun, kenbe ekilib yo.” Ki rezilta sa te bay? Gen yon mesye ki te di: “Mwen vrèman kontan wè Temwen Jewova yo kontinye ap preche. Si nou pa t wè nou, sa t ap fè nou santi bagay yo pi mal toujou.”
Temwen yo te rekonfòte moun yo. Gen yon Temwen ki di: “Prèske tout moun nou rankontre yo panse tranblemanntè a se yon pinisyon ki soti nan Bondye. Nou fè yo konnen se yon katastwòf natirèl e se pa Bondye ki responsab. Nou fè yo gade Jenèz 18:25. Nan vèsè sa a, Abraram di li pa posib pou Bondye ta detwi bon moun ak move moun ansanm. Nou fè yo gade Lik 21:11 tou. Nan vèsè sa a Jezi te fè konnen t ap gen gwo tranblemanntè ki t ap fèt nan epòk nou an, ansuit, nou esplike yo talè konsa li gen pou l resisite moun ki mouri e li gen pou l met fen nan tout soufrans. Gen anpil moun ki montre yo rekonesan lè yo aprann saa.”
Sepandan, gen difikilte toujou. Men sa Jean-Emmanuel, yon Temwen ki medsen, di: “Premye dezas la pase, anpalan de tranblemanntè a, men, kounye a, fòk nou fè fas ak konsekans yo. Anplis danje ki genyen pou plizyè maladi gaye nan kan yo ki plen ak moun, ki pa pwòp, kote lapli ap mouye moun yo, gen anpil moun ki twomatize e ki kenbe tout bagay anndan yo. Epitou moun sa yo ap oblije kontinye viv konsa.”
Plizyè semèn apre tranblemanntè a, gen yon Temwen ki vin nan klinik lan k ap plenyen paske tèt li ap fè l mal san rete e li pa ka dòmi. Pwoblèm sa yo nòmal apre yon dezas fin pase. Gen yon Temwen ki enfimyè ki di l: “Èske gen yon bagay ki te frape w nan tèt?” Mesye a reponn byen serye: “Non, mwen gen disetan depi m marye ak madanm mwen e li mouri. Sepandan, nou konnen bagay sa yo te gen pou rive. Jezi te di sa.”
Piske enfimyè a te santi kote pwoblèm nan te ye, li di l: “Men, ou pèdi patnè w te gen pou lavi a. Sa se yon bagay ki terib! Li nòmal pou w santi w nan lapèn e pou w kriye. Jezi te kriye lè Laza te mouri.” Lè mesye a tande sa, li tonbe kriye.
Pami plis pase 10 000 Temwen ki te gen nan zòn nan, tranblemanntè a te lakòz 154 ladan yo mouri. Dapre estimasyon ki fèt, 92 pousan nan moun ki abite Pòtoprens yo pèdi youn oswa plizyè manm fanmi yo ak zanmi yo nan dezas la. Pou Temwen Jewova yo te ka ede moun sa yo ki andèy, yo t al vizite moun ki vin andikape e ki twomatize yo plizyè fwa pou yo ba yo posiblite ouvè kè yo bay yon moun yo fè konfyans. Temwen ki andèy yo te deja konnen pwomès Bib la fè konsènan esperans rezirèksyon an ak paradi ki pral gen sou tè a, men, yo menm tou yo te bezwen pale ak kretyen parèy yo e yo te bezwen tande bon ti pawòl ki kapab ankouraje yo.
Yon bon pwennvi sou sitiyasyon yo jodi a e sou lavni
Apot Pòl te ekri: “Sa k ap rete, se lafwa, esperans, lanmou, yo twa a. Men, sa ki pi gran pami yo, se lanmou.” (1 Korentyen 13:13). Kalite sa yo ede anpil Ayisyen ki Temwen pou yo sipòte sitiyasyon an, pou yo ankouraje lòt moun e pou yo pa pè sa demen sere pou yo. Travay pote sekou ki kontinye ap fèt sou plan entènasyonal la montre Temwen yo gen lafwa, tèt ansanm ak bon relasyon youn ak lòt. Men sa Petra, yon doktè ki Temwen e ki te soti ann Almay pou l vin bay èd, te di: “Mwen pa t janm wè kote moun demontre lanmou yo konsa anvan. Mwen kriye anpil. Se pa plis poutèt lapenn mwen santi, men se poutèt lajwa mwen genyen.”
Men sa yon jounal di sou tranblemanntè ki fèt ann Ayiti nan ane 2010 la: “Nan plizyè domèn, pa t janm gen yon dezas ki fè plis dega pase dezas sa a nan yon sèl peyi.” (The Wall Street Journal). Sepandan, apre evènman sa a, gen lòt dezas ki frape monn nan toujou, kit se dezas natirèl, kit se lòm ki lakòz yo. Èske gen yon lè k ap rive pap janm gen dezas ankò? Temwen Jewova ki ann Ayiti yo ak lòt Temwen ki sou tout tè a gen konfyans gen yon jou k ap vini kote Bondye gen pou l fè pwomès nou pral site la a reyalize: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.
[Nòt anba paj]
a Gade chapit 11 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a ki gen tit, “Poukisa Bondye pèmèt soufrans?” Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.
[Antrefilè nan paj 23]
“Mwen pa t kapab wè mwen menm k ap kite Ralphendy la pou l mouri.”
[Antrefilè nan paj 27]
“Mwen vrèman kontan wè Temwen Jewova yo kontinye ap preche.”
[Foto/Kare nan paj 25]
Yo bati kay pou viktim yo
Nan espas yon mwa apre tranblemanntè a, te gen Temwen Jewova ki enjenyè ki te kòmanse verifye pou yo wè ki kay fanmi Temwen Jewova yo te kapab retounen al viv ladan yo. Anpil nan moun ki te pèdi kay yo te bezwen yon kote pou yo rete pandan yon tan annatandan yo jwenn yon kote fiks pou yo rete.
Men sa John, yon frè ki fè pati staf moun k ap travay nan biwo filyal Temwen Jewova yo ann Ayiti a, di: “Grasa eksperyans òganizasyon entènasyonal ki konn pote sekou yo te fè, nou te rive fè yon modèl abri pwovizwa ki pa koute chè, ki fasil pou yo monte l e ki te apeprè menm gwosè ak kay moun yo t ap viv ladan yo. Li pwoteje moun yo kont van ak lapli, e pa gen posiblite pou l kraze yo si ta gen lòt sekous.” Nan sèlman twa semèn apre tranblemanntè a, yon gwoup Ayisyen mele ak volontè entènasyonal te kòmanse bati abri pwovizwa sa yo.
Anpil moun nan lari te kontan wè kamyon k ap pase ak diferan pati nan abri pwovizwa yo ki te tou fèt. Yon ofisye nan ladwàn Ayiti a ki t ap siyen papye pou pèmèt materyo konstriksyon yo antre te di: “Temwen Jewova yo te pami premye moun ki te janbe fontyè a pou y al chèche èd. Yo pa sèlman pale de ede moun, yo ede yo toutbonvre.” Nan kèk mwa sèlman apre tranblemanntè a, Temwen yo te gentan bati 1 500 abri pwovizwa pou moun ki te pèdi kay yo.
[Kat jeyografik nan paj 22]
(Gade peryodik la)
AYITI
PÒTOPRENS
Leyogàn
Episant lan
Jakmèl
REPIBLIK DOMINIKÈN
[Foto nan paj 24]
Marla
[Foto nan paj 24]
Islande
[Foto nan paj 24]
Wideline
[Foto nan paj 26]
Yon gwoup Temwen Jewova ayisyen ki sou wout pou y al rekonfòte kèk moun ki te viktim nan dezas la.
[Foto nan paj 26]
Yon doktè k ap pran swen yon ti gason nan klinik Temwen Jewova yo te met sou pye a.