BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g16 no 5 p. 8-9
  • Bay pitit ou fòmasyon sou sèks

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay pitit ou fòmasyon sou sèks
  • Reveye n! — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA DIFISIL KONSA?
  • KI SA NOU TA DWE KONNEN?
  • MEN SA W KA FÈ
  • Pale ak pitit ou sou sèks
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Bay pitit nou prensip moral
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki jan paran yo kapab pale ak pitit yo sou sèks?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan m ka esplike kwayans mwen anrapò ak sèks?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Reveye n! — 2016
g16 no 5 p. 8-9
Yon manman k ap tann rad sou yon liy e k ap pale ak pitit fi l.

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Bay pitit ou fòmasyon sou sèks

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

Yon tigason k ap gade divès fason li ka jwenn enfòmasyon: nan Bib la, nan yon liv ak sou aparèy elektwonik li.

Sa gen plizyè dizèn ane, paran yo te gen omwen posiblite pou se yo menm ki premye moun ki pale sou sèks ak pitit gason yo oswa pitit fi yo. Yo te ka esplike pitit yo bagay yo tikras pa tikras, selon laj timoun yo ak bezwen yo.

Men, tout bagay chanje. Gen yon liv (The Lolita Effect) ki di: “Timoun yo gen kontak ak mesaj sou sèks depi yo toupiti, epi kantite bagay ki gen rapò ak sèks timoun yo ap jwenn kòm enfòmasyon kontinye vin pi plis.” Èske sa se yon byen pou timoun yo oubyen se yon mal pito?

KI SA NOU TA DWE KONNEN?

Bagay ki gen rapò ak sèks toupatou. Men sa Deborah Roffman di nan yon liv (Talk to Me First) li ekri: “Nan konvèsasyon, anons, fim, liv, chante, cho sou televizyon, tèks, jwèt, afich, sou telefòn ak òdinatè yo tèlman gen imaj, pawòl ak lòt ti bagay ki fè moun panse ak sèks, sa fè anpil [adolesan, timoun, e menm timoun piti] panse sèks se bagay [...] ki pi enpòtan nan lavi a, e pafwa, yo pa menm rann yo kont.”

Fason yo fè maketing jwe yon wòl nan sa. Moun k ap fè maketing yo ak moun k ap vann yo fè pwomosyon pou yon seri rad pou timoun ki atire atansyon sou kò timoun yo, konsa, yo fòme timoun yo depi byen bonè pou yo konsantre sou aparans yo yon fason ki pa kòrèk. Gen yon liv (So Sexy So Soon) ki di: “Moun k ap fè maketing yo konnen timoun yo vle pou lòt moun aksepte yo e yo vle fè kamarad yo plezi, epi moun yo sèvi ak sa. Yo pa fè tout imaj ak pwodui sa yo ki atire atansyon sou sèks pou yo vann timoun yo bagay sou sèks, men pou yo fè yo anvi genyen yo.”

Enfòmasyon pa sifi. Lè yon moun konnen fason yon machin fonksyone, sa pa vle di li se yon bon chofè pou sa. Menm jan an tou, lè yon moun gen enfòmasyon sou sèks, sa pa vle di l ap sèvi ak enfòmasyon sa yo pou l pran bon desizyon.

Bagay nou dwe sonje: Jodi a, plis pase nenpòt ki lè, li enpòtan pou n ede pitit nou yo antrene “kapasite yo genyen pou yo konprann nan” yon fason pou yo ka “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. — Ebre 5:14.

MEN SA W KA FÈ

Pran responsablite w. Menmsi sa gendwa difisil pou ou pou w pale ak pitit ou sou sèks, se responsablite w sa ye. Pran responsablite w. — Prensip Bib la bay: Pwovèb 22:6.

Fè ti pale tou kout. Olye w annik fè yon sèl pale byen long sou sèks avèk pitit ou, sèvi ak kèk ti moman rilaks pito pou n pale sou sa. Petèt nou ka fè sa pandan nou de a ap vwayaje nan machin nou oswa pandan n ap fè yon travay nan kay la. Pou w ede pitit ou santi l alèz pou l pale, ou ka poze l kesyon k ap fè l di sa l panse. Pa egzanp, ou ka mande l: “Poukisa w panse moun k ap fè maketing pou pwodui sa yo sèvi ak imaj sa yo?” olye w di l: “Èske w gen atirans pou bagay sa yo ki baze sou sèks?” Apre l fin reponn ou, ou ka mande l ankò: “Ki jan w santi w lè w wè bagay sa yo?” — Prensip Bib la bay: Detewonòm 6:6, 7.

Kontinye ba yo fòmasyon selon laj yo. Paran yo ka aprann timoun piti yo bon non pati seksyèl yo ak fason pou yo pwoteje tèt yo kont moun ki ka vle fè yo mal nan domèn seksyèl. Toutpandan timoun yo ap grandi, nou ka bay timoun yo enfòmasyon fondamantal sou fason gason ak fi rive fè pitit. Lè yo fòme, yo dwe konprann pi byen ki sa sèks ye, ki sa ki byen e ki sa ki mal anrapò ak sèks.

Aprann yo yon seri prensip. Kòmanse aprann pitit ou depi yo toupiti ki lè yon moun onèt, li fidèl e l gen respè pou lòt moun. Konsa, lè w ap pale avèk yo sou sèks, ou pap gen okenn pwoblèm pou w ba yo fòmasyon sou sa. Epitou, aprann yo prensip w ap suiv yo byen klè. Pa egzanp, si w se yon moun ki konnen fè sèks anvan maryaj se yon bagay ki mal, aprann yo sa. Apre sa, esplike yo rezon ki fè sa mal e sa gen move konsekans. Gen yon liv (Beyond the Big Talk) ki di: “Byen souvan, ti jèn ki fè konnen yo te aprann paran yo pa dakò pou ti jèn gen relasyon seksyèl mwens gen tandans al antre nan relasyon seksyèl.”

Bay egzanp. Viv ann amoni ak prensip w ap anseye yo. Pa egzanp, èske w konn ri blag ki sal? Èske w abiye yon fason ki ka leve dezi seksyèl lakay lòt moun? Èske w konn jwe ak santiman lòt moun? Si w ta fè bagay sa yo, sa ap fè prensip moral w ap chèche aprann pitit ou yo pap gen okenn valè pou yo. — Prensip Bib la bay: Women 2:21.

Pale yon fason pozitif. Sèks se yon kado Bondye bay, e lè moun fè sa nan maryaj, yon kad ki kòrèk pou sa, sa ka fè yo jwenn kè kontan (Pwovèb 5:18, 19). Fè pitit ou konnen ap gen yon moman kote l ap gen posiblite pwofite kado sa a san l pa gen pwoblèm ak tètchaje moun ki konn fè sèks anvan maryaj yo konn genyen. — 1 Timote 1:18, 19.

VÈSÈ POU N SONJE

  • “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6.

  • “Se pou nou fè [kòmandman Bondye] yo antre nan kè pitit nou yo.” — Detewonòm 6:6, 7.

  • “W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou?” — Women 2:21.

TRAVAY PARAN YO

Kontrèman ak sa moun konn panse, paran timoun yo, sa gen ladan l jèn yo, gen plis enfliyans sou yo pase kamarad yo. “Se nan men granmoun ki bò kote yo timoun yo chèche direksyon ak esplikasyon anvan sou monn y ap viv ladan l lan yon fason pou yo menm yo ka pale de monn sa a e konprann li. Yo ale kote lòt moun sèlman lè yo konnen oswa yo santi nou pa la oswa nou pa disponib pou yo. [...] Sa nou jwenn nan rechèch n ap fè apre plizyè dizèn ane pa ta dwe fè n sezi: fanmi kote yo konn pale sou yon seri sijè tankou sèks ede timoun y ap leve yo pou yo pran bon desizyon, pou yo santi yo plis responsab pou sa yo fè, e petèt sa k pi enpòtan an, pou yo pwoteje tèt yo kont konpòtman ki te ka fè yo jwenn gwo pwoblèm.” — Talk to Me First.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje