BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 3 p. 8-9
  • Li enpòtan pou n ba yo fè travay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li enpòtan pou n ba yo fè travay
  • Reveye n! — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA DIFISIL KONSA?
  • KI SA NOU TA DWE KONNEN?
  • MEN SA W KA FÈ
  • Aprann pitit ou vin responsab
    Reveye n! — 2019
  • Aprann pitit ou gen imilite
    Reveye n! — 2019
  • Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • 7 Bon prensip
    Reveye n! — 2018
Gade plis
Reveye n! — 2017
g17 no 3 p. 8-9
Yon tigason ap ranmase jwèt li yo pandan papa l ap pentire mi kizin nan

ÈD POU FANMI | LEVE TIMOUN

Li enpòtan pou n ba yo fè travay

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

Nan kèk fanmi, yo atann pou timoun yo bay èd yo nan kay la, e timoun yo konn fè sa san plenyen. Sepandan, nan kèk lòt fanmi, paran yo pa atann pou timoun yo fè sa, e timoun yo byen kontan yo pa ba yo anyen pou yo fè.

Gen kèk moun k ap fè rechèch ki remake tandans sa a egziste sitou nan peyi oksidantal yo, kote timoun yo gen tandans atann pou moun fè tout bagay pou yo, olye pou yo menm tou fè yon seri bagay pou ede lòt moun. Gen yon papa ki rele Steven ki di: “Jodi a, yo kite timoun yo poukont yo pou yo jwe jwèt videyo, al sou Entènèt epi gade televizyon. Yo prèske pa ba yo anyen pou yo fè.”

Ki sa ou menm ou panse? Èske sa enpòtan pou yo bay timoun yo travay pou yo fè, nonsèlman pou sa ka mache byen na kay la, men tou, pou fòmasyon timoun yo?

KI SA NOU TA DWE KONNEN?

Gen kèk paran ki renka pou yo bay pitit yo travay pou yo fè, sitou lè timoun yo toujou gen anpil devwa ak lòt aktivite pou yo fè apre yo sot lekòl. Sepandan, ann egzamine byenfè sa pote lè paran yo bay timoun yo travay pou yo fè.

Lè w bay timoun ou fè travay, sa ede yo gen matirite. Timoun ki aprann fè travay nan kay sanble pi byen reyisi lekòl, e se toutafè nòmal. Lè yon timoun patisipe nan travay k ap fèt nan kay la, sa pèmèt li vin gen konfyans nan tèt li, li vin gen disiplin ak detèminasyon pou l aji. Bagay sa yo se yon seri kalite trèzenpòtan ki pèmèt yon moun vin gen kapasite pou l aprann.

Lè w bay timoun ou fè travay, sa prepare l pou l sèvi lòt moun. Gen kèk moun ki remake timoun ki konn fè travay nan kay plis gen tandans patisipe nan travay kominote yo ladan l lan ap fè lè yo vin gran. Sa pa fè n sezi, piske lè timoun yo travay nan kay, sa aprann yo mete bezwen pa lòt moun anvan bezwen pa yo. Yon lòt bò, men sa Steven te ajoute: “Lè yo pa bay timoun yo fè okenn travay, timoun yo vin konprann yo la pou moun sèvi yo, epi yo grandi ak yon move mantalite sou sa y ap atann de yo nan lavi a anrapò ak responsablite ak travay di.”

Lè w bay timoun yo fè travay, sa fè gen tèt ansanm nan fanmi an. Lè timoun yo aprann travay lakay yo, yo vin konprann nonsèlman yo gen anpil valè nan fanmi an, men tou, yo gen responsablite ladan l. Timoun yo ka pa rive konprann sa si paran yo mete twòp aksan sou aktivite lekòl yo sèlman, olye yo mete aksan sou travay nan kay. Men yon kesyon pou w poze tèt ou: ‘Ki byenfè sa ap pote pou pitit mwen byen jwe nan ekip foutbòl la, men li pa patisipe nan aktivite fanmi an ap fè antanke ekip?’

MEN SA W KA FÈ

Kòmanse depi lè yo tou piti. Gen kèk moun ki fè konnen paran yo ta dwe bay timoun yo travay pou yo fè nan kay la lè yo gen twazan. Gen lòt ki di se lè yo gen dezan oubyen pi piti toujou. Men yon pwen kle pou n sonje: Depi lè timoun yo tou piti yo renmen travay ak paran yo e y ap imite yo. — Prensip Bib la bay: Pwovèb 22:6.

Ba yo travay selon laj yo. Pa egzanp, yon timoun twazan ka ranmase jwèt li, li ka netwaye bagay ki tonbe atè oubyen li ka separe rad yo pral lave yo. Yon timoun ki pi gran ka bale, lave machin epi l ka menm fè manje. Bay pitit ou travay selon kapasite l. Ou ka sezi wè jan l kontan travay nan kay la.

Ede l wè ki travay ki pi enpòtan. Lè yon timoun gen yon pil devwa pou l fè chak jou, sa ka difisil pou li. Men, gen yon liv (The Price of Privilege) ki di lè n retire travay nan kay nan lis aktivite timoun nan nèt pou l ka travay byen lekòl, “se yon siy ki montre nou pa met bagay ki pi enpòtan yo anvan”. Jan n te di sa anvan, lè timoun yo fè travay nan kay, sa ede yo vin pi bon elèv. Epi, sa yo aprann yo ap itil yo lè yo vin gen fanmi pa yo. — Prensip Bib la bay: Filipyen 1:10.

Konsantre w sou objektif, pa konsantre w sou rezilta. Sa ka pran yon timoun plis tan pou l fin fè yon travay pase sa w te panse. Epitou, ou ka remake travay la te ka pi byen fèt. Lè sa rive, pa prese pran travay la pou w fè l nan plas li. Objektif ou se pa pou timoun nan fè travay la byen menm jan ak yon granmoun, men se pou w ede l aprann pran responsablite epi jwenn lajwa ki gen nan travay. — Prensip Bib la bay: Eklezyas 3:22.

Konsantre w sou bonjan byenfè sa pote. Gen kèk moun ki di lè paran yo peye timoun yo pou yo fè travay nan kay la, sa aprann timoun yo pran responsablite. Gen lòt moun ki di sa fè timoun yo plis konsantre yo sou sa yo ka jwenn nan fanmi an olye yo konsantre yo sou sa yo ka bay fanmi an. Epi, yo fè konnen tou yon timoun ka refize fè travay yo ba l fè lè l gen ase lajan nan men l, sa ki montre timoun nan pa jwenn byenfè ki genyen nan travay. Sa sa aprann nou? Li ka pi bon pou n pa mele kòb n ap bay timoun nan ak travay l ap fè nan kay la.

VÈSÈ POU N SONJE

  • “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — Pwovèb 22:6.

  • “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

  • “Sa mwen wè ki pi bon pou yon moun, se pou l gen kè kontan nan travay li.” — Eklezyas 3:22.

Steven ak Stephanie

“Lè n bay timoun yo fè travay, sa fè yo santi yo itil fanmi an. Lè fanmi nou fin fè yon jounen ap travay ansanm, pa egzanp, nan lakou lakay la, nou santi n vin pi zanmi. Chak moun patisipe, e sa fè n santi n byen.” — Steven.

“Nou te bay pitit fi n yo travay pou yo fè depi lè yo te toupiti, sa te ede yo vin gen kapasite pou yo fè fas ak lavi a toutpandan y ap grandi. Nou ede yo konprann fanmi an fòme yon ekip e nou dwe travay ansanm. Antanke paran, lefètke n bay travay nan kay la anpil valè, sa ede pitit fi n yo fè menm jan an tou.” — Stephanie.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje