BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g17 no 4 p. 10-11
  • Lè timoun yo kite kay la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè timoun yo kite kay la
  • Reveye n! — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA DIFISIL KONSA?
  • REZON KI FÈ SA DIFISIL
  • MEN SA W KA FÈ
  • Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
    Èd pou fanmi
  • Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “Se pou tout moun onore maryaj”
    “Rete nan lanmou Bondye”
Gade plis
Reveye n! — 2017
g17 no 4 p. 10-11
Yon mari nan bò pa l ap gad televizyon pandan madanm li ap koud alamen sou bò pa l

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Lè timoun yo kite kay la

POUKISA SA DIFISIL KONSA?

Souvan, bagay yo vin pi difisil pou mari yo ak madanm yo apre timoun yo fin grandi e yo kite kay la. Lefètke timoun yo pa la ankò, paran yo ka vin santi yo tankou de etranje. M. Gary Neuman se yon konseye k ap ede fanmi, men sa l di: “Mwen bay anpil moun ki pa konn ki jan pou yo vin pwòch ak konjwen yo ankò konsèy. Lefètke timoun yo kite kay la, [paran yo] pa vrèman gen bagay pou yo pale oubyen pou yo pataje youn ak lòt.a”

Èske maryaj ou yon ti jan sanble ak sa nou sot di yo? Si se sa, ou kapab amelyore relasyon w gen ak mari w oswa ak madanm ou. Men, pou kòmanse, ann wè kèk bagay ki ka te lakòz distans ki vin genyen ant nou de a.

REZON KI FÈ SA DIFISIL

Pandan plizyè ane, se timoun yo ki te toujou pi enpòtan. Anpil paran met bezwen timoun yo anvan bezwen maryaj yo, e yo fè sa ak tout bon entansyon yo. Kòm rezilta, yo vin tèlman abitye ak wòl manman ak papa a, yo pa pwòch ankò antanke mari ak madanm, e sa parèt pi klè yonfwa timoun yo kite kay la. Men sa yon madan marye ki gen 59 an te di: “Lè timoun yo te nan kay la, omwen nou te konn fè aktivite yo ansanm.” Men, apre timoun yo fin ale, men sa l te admèt: “Nou chak te nan bò pa nou.” Yon lè, li te menm di mari l: “Nou youn bloke wout lòt.”

Kèk mari ak madanm pa pare pou yo adapte yo ak etap sa a. Men sa liv Fwaye a vid la (Empty Nesting) fè konnen: “Pou anpil mari ak madanm, se prèske tankou yo te fèk marye.” Yo santi gen bagay youn renmen lòt la pa renmen. Yo vin ap chèche fè pwòp afè pa yo, e sa vin fè yo jis tankou de moun k ap viv nan menm kay olye yo viv tankou mari ak madanm.

Sepandan, gen yon bon nouvèl: Nou kapab evite sitiyasyon sa a, e nou ka menm jwenn byenfè nan etap sa a nan lavi nou. Bib la ka ede n nan sans sa a. Ann wè ki jan l ka fè sa.

MEN SA W KA FÈ

Aksepte chanjman an. Men sa Bib la di k ap rive lè timoun yo vin gran: “Yon gason ap kite papa l ak manman l.” (Jenèz 2:24). Paran, èske se pa pou rezon sa a nou te elve timoun nou yo, nan objektif pou n te ede yo devlope kapasite ki t ap itil yo lè yo vin granmoun tèt yo? Lè nou konsidere sitiyasyon an konsa, nou gen tout rezon pou n fyè lè timoun yo ap kite kay la. — Prensip Bib la bay: Mak 10:7.

Se sèten, pitit nou ap toujou pitit nou. Sepandan, kounye a, nou pa la pou n veye sou yo ankò, nou vin plis ap jwe wòl moun k ap bay konsèy. Relasyon sa a nou vin gen ak pitit nou yo ap ede n rete pwòch avèk yo toutpandan n ap mete moun nou marye avè l la an premyeb. — Prensip Bib la bay: Matye 19:6.

Di youn lòt sa k ap enkyete nou. Di mari w oswa madanm ou efè chanjman sa a gen sou ou, epi koute l lè l ap di w sa l santi. Se pou w pasyan e montre l ou konprann li. Sa ka mande tan pou relasyon nou genyen antanke mari ak madanm nan vin solid, men sa vo lapèn pou n fè efò nan sans sa a. — Prensip Bib la bay: 1 Korentyen 13:4.

Chèche fè nouvo aktivite ansanm. Pale sou objektif nou ta renmen atenn oubyen lòt bagay nou ta renmen fè antanke mari ak madanm. Etandone nou fin leve timoun yo, sa fè nou vin gen anpil eksperyans. Poukisa nou pa sèvi ak sajès sa a pou n ede lòt moun? — Prensip Bib la bay: Jòb 12:12.

Ranfòse angajman nou te pran an. Reflechi sou bèl kalite ki te fè nou youn vin enterese nan lòt. Reflechi sou sa nou te viv ak pwoblèm nou te rive rezoud ansanm. Anfèt, nouvo etap sa a nan lavi n ka pote anpil byenfè. An reyalite, si nou travay ansanm, sa ap fè maryaj nou vin solid depi kounye a epi n ap vin renmen youn lòt ankò, jan sa te ye okòmansman an.

a Dapre liv Enfidelite nan kesyon santiman an (Emotional Infidelity).

b Si nou gen timoun n ap leve, sonje se ak moun nou marye avè l la nou fè “yon sèl chè”. (Mak 10:8.) Timoun yo santi yo plis an sekirite lè yo wè paran yo gen bon relasyon youn ak lòt.

VÈSÈ POU N SONJE

  • “Se poutèt sa, yon gason ap kite papa l ak manman l.” — Mak 10:7.

  • “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

  • “Lanmou gen pasyans ak byenveyans.” — 1 Korentyen 13:4.

  • “Èske se pa moun ki granmoun ki gen sajès?” — Jòb 12:12.

Salvatore ak Aurora

SALVATORE AK AURORA

“Nou te vin rann nou kont nou vin gen plis tan kounye a e nou bezwen byen pwofite sa. Se sa k fè, nou te deside fè zanmi ak plis moun, nou te chèche fè zanmi ak fanmi ki gen timoun e ak jèn ki fèk marye. Nou renmen ede lòt moun epi pataje eksperyans nou avèk yo.”

Carlo ak Caterina

CARLO AK CATERINA

“Sa te pran n tan pou n aksepte lavi n chanje. Pandan anpil ane, nou te plis pale de timoun yo. Kounye a, lè n ap fè aktivite yo ansanm, tikras pa tikras, nou vin pran abitid pale de nou de a ak bagay ki enterese nou.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje