BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 2 p. 11
  • 8 Egzanp

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 8 Egzanp
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA SA VLE DI
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Paran, leve pitit ou avèk amou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 2 p. 11
Yon tifi k ap suiv tras pye papa l nan nèj la.

Ki tras w ap kite pou pitit ou suiv?

POU PARAN

8 Egzanp

SA SA VLE DI

Paran ki bay egzanp yo pa annik di pitit yo fè yon bagay men yo fè sa yo anseye yo tou. Pa egzanp, ou pa ka vle pou pitit ou pa bay manti alòske l tande w k ap di “di m pa la” lè y ap mande pou ou.

“Yon bagay anpil moun di se ‘fè sa m di, men pa fè sa m fè’, men sa pa mache nan ka timoun. Yo tankou eponj, yo kopye sou tout sa n di ak tout sa n fè, e y ap di w lè w pa fè sa w te eseye anseye yo a.” — David.

PRENSIP BIBLIK: “Ou menm k ap preche: ‘Pa vòlè’, w ap vòlè?” — Women 2:21.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Paran yo gen plis enfliyans sou timoun yo e menm sou adolesan yo plis pase nenpòt lòt moun, pa egzanp ti zanmi yo genyen yo. Sa vle di ou menm paran ou nan pi bon pozisyon pou w bay pitit ou bon direksyon an akondisyon ou fè sa w ap anseye yo.

“Ou ka ap di pitit ou yon bagay nenpòt san fwa, epi w ap mande tèt ou si l koute sa w di a. Men, lejou w pa fè sa w ap di l fè yo, l ap fè w wè sa. Timoun yo wè tout sa n fè, menm lè w panse yo pa wè n.” — Nicole.

PRENSIP BIBLIK: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès [...] ki pa ipokrit.” — Jak 3:17.

SA W KA FÈ

Egzamine pwòp prensip ou yo. Ki sa ou menm ou abitye gade pou w detann ou? Ki jan w boule ak moun ou marye avè l la e ak pitit ou? Ki kalite zanmi w genyen? Èske w gen konsiderasyon pou lòt moun? Donk, èske w se kalite moun ou vle pitit ou ye a?

“Mari m avè m pa eseye fè pitit nou fè yon bagay nou menm nou pa fè.” — Christine.

Mande eskiz pou erè w fè. Pitit ou yo deja konnen ou pa pafè. Donk, lè w eskize w lè sa nesesè, se aprann w ap aprann yo yon bèl leson konsènan imilite ak jan sa enpòtan pou yo onèt.

“Pitit nou yo bezwen tande n k ap admèt nou antò epi k ap mande eskiz lè n fè erè. Si nou pa fè sa, yo pap janm aprann admèt lè yo antò.” — Robin.

“Antanke paran nou gen gwo enfliyans sou pitit nou, e egzanp nou ba yo se pi gwo zouti nou genyen paske se li yo ka wè. Egzanp nou tankou yon liv ki toujou ouvè ki gen leson pou yo toujou ap aprann.” — Wendell.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje