BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 2 p. 12
  • 9 Idantite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 9 Idantite
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA SA VLE DI
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Kiyès mwen ye?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Ann prezève idantite nou antanke kretyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Se pou nou fyè dèske nou se kretyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Pale ak pitit ou ki adolesan san nou pa fè kont
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 2 p. 12
Yon jèn gason ki kanpe byen dwat bò yon pyebwa van ap kapote.

Lè w gen yon bon idantite, ou tankou yon pyebwa ki kapab reziste kont gwo van tanpèt.

POU JÈN

9 Idantite

SA SA VLE DI

Idantite w ale pi lwen pase non w ak aparans ou. Idantite w gen ladan l bon prensip ou genyen, kwayans ou ak karaktè w. Idantite w se tout sa ki fè w moun ou ye a ni anndan ni deyò.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Lè w gen yon bon idantite ou pa kite se jèn parèy ou yo ki kontwole w men w ret atache ak sa w kwè yo.

“Anpil moun tankou mannken nou wè nan magazen yo, se pa yo ki chwazi rad y ap met sou yo, se lòt moun ki fè sa.” — Adrian.

“Mwen te aprann defann sa mwen konnen ki bon yo menmsi sa difisil. Mwen ka rive wè kiyès ki zanmi m toutbon nan fason yo aji ak nan fason mwen aji lè mwen avèk yo.” — Courtney.

PRENSIP BIBLIK: “Sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon.” — Women 12:2.

SA W KA FÈ

Chèche konnen kiyès ou ye kounye a, ak kiyès ou vle vin ye lè w egzamine pwen fò w, pwen fèb ou ak konviksyon w. Yon bon fason w ka kòmanse fè sa se reponn kesyon ki apre yo.

Pwen fò: Ki talan oswa kapasite m genyen? Ki pwen fò m? (Pa egzanp: Èske m toujou alè? Èske m konn kontwole m? Èske m travay di? Èske m renmen bay?) Ki sa mwen fè ki pozitif?

MEN YON IDE: Èske w wè li difisil pou w jwenn bagay ki pozitif lakay ou? Mande papa w oswa manman w oswa yon moun ou fè konfyans pou l di w ki pwen fò li wè w ou gen lakay ou e poukisa.

PRENSIP BIBLIK: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Galat 6:4.

Pwen fèb: Ki aspè nan pèsonalite m mwen plis bezwen travay? Ki lè li pi fasil pou m jwenn tantasyon? Nan ki domèn mwen ta kapab demontre plis metriz?

PRENSIP BIBLIK: “Si nou deklare: ‘Nou san peche’, se tèt nou n ap twonpe, e laverite pa nan nou.” — 1 Jan 1:8.

Konviksyon mwen: Ki prensip moral m ap suiv, e poukisa? Èske m kwè nan Bondye? Ki sa k fè m kwè Bondye egziste? Ki sa mwen konsidere kòm bagay ki pa bon, e poukisa? Ki sa mwen kwè ki pral rive alavni?

PRENSIP BIBLIK: “W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w, e bon konprann ou vin genyen ap pwoteje w.” — Pwovèb 2:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje