Lè w obeyi règ paran w ba ou, se tankou ou peye yon dèt ou dwe labank. Plis ou montre yo ka konte sou ou, se plis y ap fè w konfyans.
POU JÈN
10 Moun yo fè konfyans
SA SA VLE DI
Yon moun yo fè konfyans rive gen konfyans paran l, zanmi l ak moun l ap travay pou yo. Se moun ki renmen suiv règ, ki kenbe pwomès yo, e ki toujou di laverite.
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
Nan prèske tout ka, kantite libète w jwenn gen yon rapò dirèk ak kantite konfyans ou fè moun vin gen nan ou tank tan ap pase.
“Pi bon fason pou w fè paran w fè w konfyans se lè w montre w gen matirite e yo ka konte sou ou, nonsèlman lè w avèk yo men tou lè yo pa la.” — Sarahi.
PRENSIP BIBLIK: “Kontinye teste sa nou menm nou ye.” — 2 Korentyen 13:5.
SA W KA FÈ
Si w vle moun fè w plis konfyans oswa w vle pou moun vin gen konfyans nan ou ankò, ebyen konsèy ki apre yo ka ede w.
Se pou w onèt. Moun ap sispann fè w konfyans byen vit si w ap bay manti. Yon lòt bò, lè w onèt e w di laverite, sitou si w fè erè, lòt moun ap fè w konfyans.
“Li fasil pou w onèt lè tout bagay anfòm. Men, lè w onèt menm nan yon sitiyasyon ki ka mete w malalèz, lòt moun ap fè w konfyans.” — Caiman.
PRENSIP BIBLIK: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.
Fòk yo ka konte sou ou. Nan youn nan sondaj yo te fè Ozetazini, 78 pousan nan moun k ap pase moun entèvyou pou travay fè konnen “youn nan twa bagay ki enpòtan y ap chèche lakay yon moun anvan yo ba l yon travay” se: Fòk yo ka konte sou moun nan. Lè w fè efò pou moun ka konte sou ou depi kounye a, sa ap ede w lè w vin pi gran.
“Lè m pran responsablite m e m fè travay mwen gen pou m fè san paran m pa oblije ap raple m sa toutan, yo remake sa. Plis mwen fè sa, se plis yo fè m konfyans.” — Sarah.
PRENSIP BIBLIK: “Mwen gen konfyans w ap obeyi [...] piske mwen konnen w ap menm fè plis pase sa mwen di yo.” — Filemon 21.
Se pou w pasyan. Kontrèman ak lè yon moun ap grandi nan domèn fizik, li pi difisil pou yon moun wè lè yon moun ap grandi nan domèn afektif ak mantal.
“Ou pa ka annik fè yon sèl aksyon epi pou w atann pou paran w ak lòt moun fè w konfyans. Men, ou ka rive gen konfyans yo ti kras pa ti kras plis w ap pran responsablite w tank tan ap pase.” — Brandon.
PRENSIP BIBLIK: “Abiye nou ak [...] ak pasyans.” — Kolosyen 3:12.