BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 2 p. 6-7
  • 1. Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1. Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè sa enpòtan
  • Fè yon ti reflechi
  • Men sa Bib la di
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske se Bondye ki responsab soufrans nou?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 2 p. 6-7
Yon prèt ki kenbe yon Bib pandan l ap bay yon prèch devan fidèl yo nan legliz la.

1. Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?

Rezon ki fè sa enpòtan

Anpil moun pa vle adore Bondye paske yo di se li ki lakòz soufrans.

Fè yon ti reflechi

Swa dirèkteman, swa endirèkteman, anpil chèf relijye anseye se Bondye ki lakòz soufrans nou yo. Pa egzanp, kèk nan yo fè konnen:

  • Bondye lakòz katastwòf natirèl yo yon fason pou l pini nou.

  • Se paske Bondye bezwen plis zanj nan syèl la ki fè timoun yo mouri.

  • Bondye soutni moun k ap fè lagè, yon bagay ki lakòz yon bann ak yon pakèt soufrans.

Men, èske sa ta posib pou chèf relijye yo bay manti sou Bondye? E si Bondye pa dakò avèk yo?

CHÈCHE KONN PLIS

Gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? ki disponib sou jw.org/ht.

Men sa Bib la di

Bondye pa responsab soufrans nou yo.

Si l te responsab soufrans nou yo, sa t ap depaman nèt ak kalite Bondye yo, jan Bib la fè nou konn sa. Pa egzanp:

“Tout chemen [Bondye] yo se jistis. [...] Se yon Bondye ki dwat e ki jis.” — DETEWONÒM 32:4.

“Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal!” — JÒB 34:10.

“Toupisan an pa detounen sa ki jis.” — JÒB 34:12.

Bondye kondane tout relijyon k ap bay manti sou li.

Sa gen ladan l ni relijyon ki fè konnen Bondye responsab soufrans nou yo, ni relijyon ki dakò ak lagè ak vyolans.

“Sa pwofèt yo ap di nan non [Bondye] yo se manti. Mwen pa t voye yo vre, mwen pa t ba yo lòd ni mwen pa t pale avèk yo. [...] Se manti yo wè nan vizyon, se bagay nou pa ka fè konfyans yo jwenn nan fè divinò e se manti ki sot nan kè yo.” — JEREMI 14:14.

Jezi te devwale ipokrizi relijyon yo genyen.

“Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l. Jou sa a, anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil mirak?’ Men, lè sa a, m ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap vyole lalwa.” — MATYE 7:21-23.

Èske se Bondye ki lakòz soufrans nou yo?

Imajine yon papa ki gen timoun l ap leve, li byen pran swen yo. Pi devan, youn nan pitit gason l yo vin rebèl, li kite kay la e l deside mennen yon vi kote l ap fè yon seri bagay k ap detwi lavi l. Èske se papa a ki lakòz pitit gason l lan mennen yon vi konsa? Èske pitit gason an ka bay papa l responsab konsekans aksyon l yo? Menm jan an tou, nou pa ka bay Bondye responsab soufrans nou yo.

Men, èske sa vle di se nou ki lakòz soufrans nou yo?

Gade kesyon 2 a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje