5. Èske soufrans ap janm fini?
Rezon ki fè sa enpòtan
Si vrèman gen rezon pou n kwè soufrans ap fini, yon esperans konsa ta ka ede nou chanje fason nou wè lavi a e menm fason nou wè Bondye.
Fè yon ti reflechi
Anpil moun ta renmen fini ak soufrans, men pa gen anpil bagay yo ka fè pou sa. Konsidere pwen sa yo:
Malgre pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin...
Se maladi kè ki kontinye lakòz plis moun mouri.
Kansè touye plizyè milyon moun chak ane.
Dr. David Bloom ekri nan yon jounal: “Monn nan kontinye ap fè fas ak yon seri maladi trapan ki la lontan, sa ki fèk parèt ak sa ki retounen parèt ankò.” — Frontiers in Immunology.
Malgre gen kèk peyi ki rich anpil...
Chak ane, gen plizyè milyon timoun ki mouri, e se timoun k ap viv nan zòn ki pi pòv yo ki plis viktim.
Plizyè milya moun ap viv nan kondisyon ki pa pwòp.
Plizyè santèn milyon moun pa jwenn dlo trete pou yo sèvi.
Malgre gen plis moun jodi a ki vin pi byen konprann dwa moun...
Yo kontinye ap vann moun kòm esklav nan anpil peyi kote ki pa moun pou rele moun k ap fè aksyon sa yo lajistis paske, selon yon rapò Nasyonzini fè: “Se swa otorite yo pa konnen sa k ap fèt la oubyen yo pa gen mwayen nesesè pou yo fè sa.”
CHÈCHE KONN PLIS
Gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye? ki disponib sou jw.org/ht.
Men sa Bib la di
Bondye gen sousi pou nou.
Bondye konprann soufrans nou ak lapenn nou.
“[Bondye] pa t fèmen je l sou soufrans moun ki t ap soufri a, li pa t meprize l. Li pa t kache figi l pou l pa wè l. Lè moun k ap soufri a te rele l pou l mande l èd li, li te tande l.” — SÒM 22:24.
“Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 PYÈ 5:7.
Soufrans pap la pou toutan.
Labib pwomèt nou objektif Bondye gen pou tè a pral reyalize.
“Bondye [...] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — REVELASYON 21:3, 4.
Bondye pral elimine tout sa ki lakòz lèzòm ap soufri.
Li pral fè sa grasa Wayòm li an, Labib montre Wayòm sa a se yon gouvènman toutbon.
“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. [...] Se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — DÀNYÈL 2:44.