BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 1 p. 10-11
  • Poukisa nou soufri, nou vyeyi e nou mouri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou soufri, nou vyeyi e nou mouri?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Premye paran nou yo lakòz n ap soufri
  • Espri mechan yo ajoute sou soufrans nou yo
  • Pafwa se nou ki lakòz soufrans nou yo
  • Nou soufri paske n ap viv nan “dènye jou yo”
  • Poukisa gen bagay mal ki rive e poukisa moun ap soufri?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Konsolasyon pou moun k ap soufri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Poukisa gen anpil soufrans konsa?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 1 p. 10-11
Lamizè-moun ki pòv k ap goumen ak lavi a.

Poukisa nou soufri, nou vyeyi e nou mouri?

Kreyatè nou an konsidere nou tankou pitit li. Donk li pa vle nou soufri. Poutan, gen anpil soufrans toupatou. Poukisa gen tout soufrans sa yo?

Premye paran nou yo lakòz n ap soufri

“Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun.” — WOMEN 5:12.

Bondye te kreye premye paran nou yo, Adan ak Èv, ak lespri yo ak kò yo pafè. Li te mete yo nan yon paradi sou tè a ki te rele jaden Edenn. Li te di yo ka manje nan tout pyebwa ki nan jaden an, eksepte youn. Sepandan, Adan ak Èv te chwazi manje fwi nan pyebwa sa a, e sa te yon peche (Jenèz 2:15-17; 3:1-19). Apre dezobeyisans yo, Bondye te mete yo deyò nan jaden an, e lavi a te vin di pou yo. Apre sa, lè yo te vin gen timoun, lavi a te vin di pou timoun yo tou. Yo tout te vin granmoun e yo te mouri (Jenèz 3:23; 5:5). Nou malad, nou vyeyi e nou mouri paske nou soti nan premye fanmi sa a.

Espri mechan yo ajoute sou soufrans nou yo

“Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” — 1 JAN 5:19.

“Mechan” sa a rele Satan. Se yon zanj ki te rebele kont Bondye (Jan 8:44; Revelasyon 12:9). Annapre, gen lòt zanj ki te fè menm jan an, e yo suiv Satan. Yo rele yo demon. Espri envizib sa yo itilize pouvwa yo pou yo twonpe moun, e pou fè yo vire do bay Kreyatè a. Yo pouse anpil moun fè move bagay (Sòm 106:35-38; 1 Timote 4:1). Satan ak demon yo pran plezi nan fè moun soufri.

Pafwa se nou ki lakòz soufrans nou yo

“Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — GALAT 6:7.

Nan anpil domèn, nou soufri akoz peche nou eritye a, e akoz Satan ap enfliyanse monn ki toutotou nou an. Men pafwa, gen moun ki ajoute sou soufrans pa yo. Ki jan? Lè yo fè move bagay oswa yo pran move desizyon, souvan yo rekòlte move konsekans. Yon lòt bò, lè moun fè bon bagay, yo rekòlte bon bagay. Pa egzanp, yon mari ki se yon papa tou e ki onèt, ki travay di e ki renmen fanmi l ap rekòlte anpil bon bagay e l ap fè fanmi l gen kè kontan. Men si l nan jwe aza, bwè twòp e li parese, l ap lakòz ni li menm ni fanmi l vin pòv. Donk li saj pou nou koute Kreyatè nou an. Li vle nou rekòlte anpil bon bagay, sa gen ladan l “viv nan lapè.” — Sòm 119:165.

Nou soufri paske n ap viv nan “dènye jou yo”

“Nan dènye jou yo [...] moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan [...] y ap dezobeyi paran yo [...] y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen.” — 2 TIMOTE 3:1-5.

Jodi a, anpil moun aji egzakteman jan vèsè sa yo te predi sa. Konpòtman moun sa yo se yon prèv klè ki montre n ap viv nan “dènye jou” monn sa a. Labib te predi tou nan epòk nou an t apral gen lagè, rate manje, gwo tranblemanntè ak maladi (Matye 24:3, 7, 8; Lik 21:10, 11). Bagay sa yo lakòz anpil soufrans ak lanmò.

Lespri m te vin anpè

“M te paralize lè m te gen 19 an, e yo te di m se akoz move bagay mwen te fè depi anvan m te fèt. Akoz de sa, mwen te tris anpil e m te deprime. Yo te fè m konnen se Bondye ki responsab soufrans lèzòm. M pa t ka renmen yon Bondye mechan konsa. Apre sa, m te etidye Bib la e m te aprann Kreyatè a gen sousi pou nou, e se yon zanj mechan ki rele Satan ki prensipal koz soufrans lèzòm. M te aprann tou talè konsa Bondye pral detwi Satan e L ap repare tout move bagay li te fè. Lanmou m te vin grandi pou Bondye estrawòdinè sa a anpil anpil. E lespri m te vin anpè.” — Sanjay.

Sanjay.

Aprann plis:

Pou w jwenn plis enfòmasyon konsènan soufrans ak fason pou w fè fas avèk yo, ale sou sit jw.org, epi ale nan seksyon SA BIB LA ANSEYE > REPONS BIB LA BAY > SOUFRANS.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje