BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 1 p. 12-13
  • Ansèyman ki ban nou espwa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ansèyman ki ban nou espwa
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pral elimine moun ki mechan yo
  • Bondye pral detwi Satan
  • Bondye pral fini ak maladi ak lanmò
  • Kreyatè nou an pral fè tè a tounen yon paradi
  • Bondye pral fè moun ki mouri yo retounen viv ankò
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ki objektif Bondye gen pou tè a?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Yon lavi nan lakontantman ap tann ou !
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Zanmi Bondye yo pral viv nan Paradi a
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 1 p. 12-13
Moun ki anpè ak bèt yo, e ki gen manje agogo nan yon bèl paradi.

Ansèyman ki ban nou espwa

Bondye pwomèt li pral fè yon seri gwo chanjman talè konsa. Li pral fini ak soufrans e l ap fè lavi sou tè a agreyab pou tout moun (Sòm 37:11). Poukisa nou ka fè pwomès sa a konfyans? Paske “Bondye pa yon senp moun pou l ap bay manti.” ​(Nonb 23:19). Ann egzamine kèk nan bon bagay Kreyatè nou an pral fè.

Bondye pral elimine moun ki mechan yo

“Lè mechan yo ap vin anpil tankou move zèb e afè tout moun k ap fè sa ki mal yo ap byen mache, se pou yo ka detwi yo pou toutan.” — SÒM 92:7.

Jan nou te aprann sa a nan atik anvan an, nou kontinye wè plis bagay mal k ap fèt. Sa pa ta dwe fè nou sezi. Paske, Bib la te predi nan 2 Timote 3:1-5 nan “denye jou yo” moun yo t ap vin mechan nan yon nivo ki egzajere. Men, dènye jou ki sa? Dènye jou monn sa a kote moun yo pa obeyi Bondye. Talè konsa, Bondye pral fini ak moun ki refize chanje move konpòtman yo. Apre sa, se sèlman bon moun, moun ki obeyi Bondye k ap rete sou tè a. “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Bondye pral detwi Satan

“Bondye ki bay lapè a pral kraze Satan.” — WOMEN 16:20.

Lè tout moun ki mechan yo disparèt, sa gen ladan l Satan ak demon yo, finalman lapè pral blayi sou tout tè a. Men sa Kreyatè nou an pwomèt: “Pa gen pèsonn k ap vin fè [nou] pè.” — Miche 4:4.

Bondye pral fini ak maladi ak lanmò

“Tant Bondye a avèk lèzòm [...] L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — REVELASYON 21:3, 4.

Soufrans ak maladi pral fini paske Bondye pral repare tout dega Satan, Adan, ak Èv ansanm ak enpèfeksyon nou te lakòz. Kòm rezilta, menm “lanmò pap la ankò.” Moun ki renmen e ki obeyi Kreyatè a pral viv pou toutan. Men, ki kote yo pral viv?

Kreyatè nou an pral fè tè a tounen yon paradi

“Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — EZAYI 35:1.

Lè Bondye pral fini ak mechanste, se pa ti bèl tè a pral bèl! Li pral gen yon pakèt bèl jaden ak bèl peyizaj, e l ap pwodui anpil manje (Sòm 72:16). Oseyan yo, lak yo, rivyè yo pral pwòp e yo pral chaje ak vi. Menm mo “polisyon” an pral disparèt nan vokabilè nou! Moun yo pral bati pwòp kay yo pou yo abite. E nou pap janm wè moun ki pa gen kay, ki grangou oswa ki pòv ankò. — Ezayi 65:21, 22.

Bondye pral fè moun ki mouri yo retounen viv ankò

“Pral gen yon rezirèksyon.” — TRAVAY 24:15.

Èske w ta renmen wè moun ou renmen ki mouri yo ankò? Bondye ki Toupisan an pral fè yo retounen viv ankò, oswa li pral resisite yo nan paradi k ap sou tè a. W ap rekonèt yo e y ap rekonèt ou. Imajine jan ou menm avèk yo pral kontan! Poukisa nou ka gen konfyans sa ap fèt toutbon? Paske Bib la bay egzanp granmoun ak timoun ki te mouri e ki te retounen viv ak fanmi yo ankò. Sa k pi bèl la, souvan Jezi te konn resisite moun ki mouri yo devan anpil temwen. — Lik 8:49-56; Jan 11:11-14, 38-44.

Kounye a m vrèman kontan

“M sonje premye fwa m te tande pale de yon paradi sou tè a kote ki pap gen soufrans, maladi ak lanmò. M te ri nan kè m, m te panse sa pa ka fèt vre! Men, etid m te fè nan Bib la te ban m rezon pou m kwè nan liv san parèy sa a ak pwomès ki ladan l yo. M gen konviksyon se Bondye ki ban nou Bib la. Nan tan lontan, souvan m te konn enkyè e vizaj mwen te tris. Men kounye a m vrèman kontan. Menm fanmi m ak zanmi m yo ka wè diferans lan nan mwen.” — Ravi.

Ravi.

Aprann plis:

Pou w aprann plis sou objektif Kreyatè a genyen pou lèzòm viv pou toutan nan yon paradi sou tè a, ale sou sit jw.org, epi ale nan seksyon SA BIB LA ANSEYE > REPONS BIB LA BAY > LAVI AK LANMÒ.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje