BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 2 p. 7-9
  • Ki efè teknoloji genyen sou pitit ou yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki efè teknoloji genyen sou pitit ou yo?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA W TA DWE KONNEN
  • MEN SA W KA FÈ
  • Timoun ak telefòn entèlijan — 1ye pati: Èske pitit mwen dwe gen yon telefòn entèlijan?
    Èd pou fanmi
  • Timoun ak telefòn entèlijan — 2yèm pati: Fason w ka ede pitit ou pwoteje tèt yo lè y ap sèvi ak telefòn entèlijan
    Èd pou fanmi
  • Èske m ka fè zanmi sou Entènèt?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?
    Èd pou fanmi
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 2 p. 7-9
Timoun ki nan diferan laj k ap jwe ak aparèy elektwonik olye yo jwe lòt jwèt oswa yo fè spò.

Ki Efè Teknoloji Genyen Sou: Pitit Ou Yo?

Timoun yo tèlman bon nan sèvi ak teknoloji sa fè yo rele yo “natif natal nan aparèy elektwonik,” alòske granmoun yo ki pa twò abil nan zafè teknoloji yo rele yo “imigran nan aparèy elektwonik.”

Anmenmtan tou, gen moun ki remake jèn ki pase anpil tan sou Entènèt yo gen tandans:

  • vin depann de aparèy yo.

  • viktim oswa fè mechanste sou Entènèt.

  • gade pònografi, kit yo vle kit yo pa t gen entansyon fè sa.

SA W TA DWE KONNEN

Yon ti gason ki gen yon telefòn entèlijan nan men l k ap fèmen pòt chanm li byen fache pandan manman l prale.

DEPANDANS

Kèk aktivite sou Entènèt, tankou jwèt yo pa egzanp, gen tandans fè moun yo vin depann anpil de yo. E se pa yon aksidan. Men sa liv Reclaiming Conversation nan fè konnen: “Aplikasyon ki sou telefòn nou yo fèt pou kenbe nou sou telefòn yo”. Plis nou rete ap gade aplikasyon komèsyal yo, se plis moun k ap fè reklam yo ap fè pwofi.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske pitit ou yo sanble rete kole anpil ak aparèy yo? Ki jan w ka ede yo pi byen sèvi ak tan yo? — EFEZYEN 5:15, 16.

MECHANSTE SOU ENTÈNÈT

Gen kèk moun lè yo sou Entènèt ki vin pi agresif, yo gen yon langaj ki sal e yo pa gen konsiderasyon pou santiman lòt moun, sa ki ka mennen nan mechanste.

Gen kèk moun ki mal sèvi ak rezo sosyal yo akoz yon dezi ki pa kòrèk yo genyen pou lòt moun renmen yo oswa pou yo vin popilè. Oswa si yon moun vin dekouvri yo pa t envite l nan kèk aktivite, tankou nan yon fèt, sa ka fè l santi kòmsi lòt moun ap fè l mechanste.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske pitit ou yo montre yo pa janti lè yo sou Entènèt? (Efezyen 4:31). Ki jan yo santi yo lè moun pa envite yo nan yon aktivite?

PÒNOGRAFI

Entènèt vin fè l fasil pou moun jwenn enfòmasyon ki ka fè yo mal. Paran yo ta dwe sonje byenke yo ka triye enfòmasyon k ap vin jwenn pitit yo, sa pa vle di y ap ka bloke tout.

Jeneralman, yo sèvi ak telefòn entèlijan yo pou yo fè sèksting, sa ki gen ladan l voye oswa resevwa foto moun ki nan pozisyon ki pa kòrèk. Sa ka gen konsekans legal. Nan kèk ka, toudepan de lwa peyi yo ak laj moun ki enplike yo, moun ki voye sèksting yo konn koupab pou pònografi ak timoun.

FÈ YON TI REFLECHI: Ki jan w ka ede pitit ou pou l reziste ak tantasyon pou l gade oswa voye foto ki pa kòrèk ki gen rapò ak sèks sou Entènèt? — EFEZYEN 5:3, 4.

MEN SA W KA FÈ

BAY PITIT OU YO FÒMASYON

Se vre timoun yo ka abil nan sèvi ak teknoloji, men yo toujou bezwen fòmasyon. Liv anglè ki rele Indistractable a fè konnen lè yon paran bay pitit li yon telefòn entèlijan oswa yon lòt aparèy san yo poko gen konpetans pou yo sèvi avè l, li “tankou yon moun ki pa reflechi ki kite pitit li plonje tèt anba nan yon pisin san yo poko menm konn naje.”

PRENSIP BIBLIK: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache, menm lè li vin granmoun, li pap kite l.” — PWOVÈB 22:6, NÒT.

Make sijesyon w ta renmen eseye yo oswa ekri pwòp ide pa w.

  • Pale ak pitit mwen konsènan fason li ka byen konpòte l sou Entènèt

  • Ede pitit mwen jere santiman l genyen lè yo mete l sou kote

  • Fè tout sa m kapab pou m pwoteje pitit mwen kont move bagay sou Entènèt

  • Tanzantan, verifye telefòn pitit mwen

  • Fikse yon kantite tan pou pitit mwen sèvi ak telefòn nan chak jou

  • Entèdi aparèy yo nan chanm pitit mwen lannuit

  • Entèdi aparèy yo lè n ap manje ansanm

KESYON POU PARAN YO

  • Èske m sèvi ak yon aparèy elektwonik pou veye sou pitit mwen oswa pou ba yo aktivite?

  • Èske pitit nou an bezwen yon aparèy ki ka konekte sou Entènèt? Si wi, poukisa?

  • Èske n gen mwayen pou n bay pitit nou an yon aparèy ki ka al sou Entènèt?

  • Ki jan pitit nou an deja demontre li gen metriz?

  • Ki jan pitit nou an montre li onèt anrapò ak aksyon l yo?

  • Ki règ nou pral etabli?

  • Ki jan nou ka ede pitit nou an fè ekilib ant kantite tan li pase nan aparèy li yo ak lòt aktivite?

    PRENSIP BIBLIK: “Moun ki gen matirite [. . .] rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — EBRE 5:14.

Laureta ak David.

“Poukisa pitit ou yo bezwen yon telefòn? Ki jan yo itilize pa w la? Sou ki sit Entènèt yo ale? Ki jwèt yo jwe? Konbyen tan yo pase ap sèvi avè l? Teste nivo matirite ak metriz pitit ou genyen anvan w ba li yon aparèy.” — LAURETA ANSANM AK MARI L, DAVID.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje