BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 2 p. 10-12
  • Ki efè teknoloji genyen sou maryaj ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki efè teknoloji genyen sou maryaj ou?
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA W TA DWE KONNEN
  • MEN SA W KA FÈ
  • Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo
    Èd pou fanmi
  • Fason pou n kite travay nan plas li
    Èd pou fanmi
  • Chèche pase bonjan tan ansanm
    Èd pou fanmi
  • Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
    Èd pou fanmi
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 2 p. 10-12
Yon mesye ki nan yon ayewopò k ap pale ak madanm li pa mwayen apèl videyo pandan l lakay li.

Ki Efè Teknoloji Genyen Sou: Maryaj Ou?

Lè yon mari ak madanm li byen sèvi ak teknoloji, sa ka ranfòse relasyon yo gen youn ak lòt. Pa egzanp, li ka ede yo rete an kontak pandan tout jounen an.

Sepandan, gen kèk konjwen ki kite move fason yo sèvi ak teknoloji lakòz:

  • li pran tan yo ta dwe pase youn ak lòt.

  • yo vin ak travay nan kay la ki pa nesesè.

  • li kreye dout e menm enfidelite.

SA W TA DWE KONNEN

Yon mari ak madanm li ki kouche sou kabann yo byen ta pandan yo chak ap itilize yon telefòn entèlijan.

PASE TAN ANSANM

Yon mari ki rele Michael di: “Pafwa, lè madanm mwen ansanm avè m, li pa la vre. li okipe nan telefòn li epi li di, ‘Se kounye a m resi jwenn tan pou m tcheke yo.’” Yon mari ki rele Jonathan di nan sitiyasyon konsa “konjwen yo ka ansanm fizikman, epoutan yo byen lwen youn lòt.”

FÈ YON TI REFLECHI: Konbyen fwa yon apèl, yon mesaj oswa yon enfòmasyon anpeche w pase bon ti moman w ta dwe pase ak konjwen w? — EFEZYEN 5:33.

TRAVAY

Gen kèk moun ki dwe toujou disponib kèlkeswa lè a akoz kalite travay y ap fè a. Gen lòt moun, travay pa yo pa egzijan nan pwen sa a, malgre sa, yo twouve l difisil pou yo kite travay la nan plas li nan fen jounen an. Men sa yon mari ki rele Lee fè konnen: “Li difisil pou m pap plede verifye apèl, mesaj m resevwa pou travay la nan moman m te mete akote pou m pase ak madanm mwen.” Yon madanm ki rele Joy di: “Mwen travay lakay, donk travay la toujou la. Sa mande efò pou m ekilibre.”

FÈ YON TI REFLECHI: Èske w bay konjwen w yon atansyon san pataj lè l ap pale avè w? — LIK 8:18.

FIDELITE

Yon ankèt fè konnen sèvi ak rezo sosyal an kachèt se bagay ki plis lakòz chirepit nan maryaj. Dis pousan nan moun ki te patisipe nan ankèt la admèt yo konn kache konjwen yo kèk bagay yo poste sou Entènèt.

Se avèk rezon, yo rele rezo sosyal yo “teren pyeje pou maryaj” e yo menm rele yo “ajans adiltè.” E nou pa sezi tande sa, avoka ki regle kesyon divòs yo fè konnen rezo sosyal yo jwe yon gwo wòl nan anpil maryaj ki kraze jodi a.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske w kache konjwen w konvèsasyon w gen ak yon moun ki pa menm sèks avè w? — PWOVÈB 4:23.

MEN SA W KA FÈ

FIKSE PRIYORITE

Yon moun ki pa pran tan pou l manje pap rete an sante. Menm jan an tou, yon moun ki neglije pase tan ansanm ak konjwen l ap wè l difisil pou l gen yon bon maryaj. — Efezyen 5:28, 29.

PRENSIP BIBLIK: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — FILIPYEN 1:10.

Pale ak konjwen w sou sijesyon w ta renmen eseye yo, oswa ekri pwòp ide pa w konsènan fason w ka anpeche teknoloji nui maryaj ou.

  • Manje ansanm omwen yon fwa pa jou

  • Kreye yon moman pou n mete aparèy nou yo sou kote

  • Pwograme yon ti randevou damou oswa lòt okazyon spesyal ansanm

  • Etenn aparèy nou yo lannuit e mete yo lwen kote nou dòmi an

  • Mete 15 minit sou kote chak jou pou youn pale ak lòt san pa gen aparèy ki toupre a

  • Sispann sèvi ak Entènèt la nan yon moman byen presi

KESYON POU KONJWEN YO

Apre ou menm ak konjwen w fin egzamine kesyon sa yo poukont nou, pale sou repons yo youn ak lòt.

  • Ki kèk fason ou ka sèvi ak teknoloji pou w ranfòse maryaj ou?

  • Dapre ou menm, jis nan ki pwen teknoloji anpeche nou pase tan ansanm?

  • Ki amelyorasyon ou ta renmen wè ki fèt?

  • Jis nan ki pwen li difisil pou w kite travay la nan plas li? Èske konjwen w t ap dakò ak repons ou bay la?

  • Ki jan w ka montre w rezonab anrapò ak kantite tan ak atansyon ou atann pou konjwen w ba ou?

    PRENSIP BIBLIK: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 KORENTYEN 10:24.

Jason ak Alexandra.

“Mwen travay lakay, donk m eseye sispann travay nan yon lè byen presi. Epitou, m fèmen enfòmasyon konsènan imel yo apre yon kantite tan, konsa m ka sèvi ak telefòn mwen pou m regle lòt bagay ki enpòtan tankou gade lè a san travay la pa distrè m.” — JASON ANSANM AK MADANM LI, ALEXANDRA.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje