BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g22 no 1 p. 10-12
  • 3 | Pwoteje relasyon w genyen yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 3 | Pwoteje relasyon w genyen yo
  • Reveye n! — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA ENPÒTAN?
  • Sa w ta dwe konnen
  • Sa w ka fè kounye a
  • Byen chwazi moun k ap zanmi w
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Nan nimewo Reveye n! sa a
    Reveye n! — 2022
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Reveye n! — 2022
g22 no 1 p. 10-12
Yon koup ki aje ki gen kè kontan ki kenbe youn lòt.

YON MONN TÈT ANBA

3 | Pwoteje relasyon w genyen yo

POUKISA SA ENPÒTAN?

Pandan enkyetid ap ogmante nan monn tètchaje sa a, anpil moun kite relasyon yo gen ak lòt moun soufri san yo pa t swete sa.

  • Gen moun ki izole tèt yo parapò ak zanmi yo.

  • Konjwen yo vin pi an kòlè youn ak lòt.

  • Paran yo bay yon tikras oswa yo pa bay atansyon ditou ak enkyetid timoun yo genyen.

Sa w ta dwe konnen

  • Zanmi w yo enpòtan paske yo ka ede w rete an sante ni nan domèn fizik ni nan domèn emosyonèl, sitou nan moman difisil yo.

  • Strès monn tètchaje sa a lakòz ka reprezante yon eprèv pou lavi fanmi w kèk fason w pa t atann.

  • Nouvèl ki bay kè kase yo ka gen efè sou timoun ou yo plis pase jan w ta panse sa.

Sa w ka fè kounye a

Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Panse ak yon moun ki ka soutni w e ki ka ba w bon konsèy. Lefètke w konnen gen yon moun ki gen sousi pou ou, sa sèlman ka ranfòse detèminasyon w pou w afwonte difikilte lavi a.

SA W KA FÈ — Kèk konsèy ki ka ede w

Pandan moman tètchaje yo, pwoteje relasyon w gen ak moun ou renmen yo lè w suiv etap pratik sa yo

RANFÒSE MARYAJ OU

Yon koup ki aje ki gen kè kontan ki kenbe youn lòt.

Ranfòse maryaj ou

Men sa Bib la di: “De pi bon pase youn [...] Paske, si youn nan yo tonbe, lòt la kapab ede zanmi l lan kanpe.” ​(Eklezyas 4:9, 10). Moun ki marye yo ta dwe aji tankou yo nan menm ekip, ki gen menm objektif pou yo genyen, olye yo aji kòmsi yo te nan de ekip diferan k ap kontrekare youn lòt.

  • Pran rezolisyon pou nou pa pase strès nou youn sou lòt. Nou bezwen pasyans ak tolerans.

  • Omwen yon fwa chak semèn, pale ak konjwen w sou sitiyasyon ki mande pou nou pale sou yo. Sonje, se pwoblèm yo pou n atake, se pa youn lòt.

  • Pran tan pou nou fè aktivite nou renmen yo ansanm.

  • Repase sou bon moman nou te pase ansanm, petèt gade foto maryaj nou oswa lòt bèl souvni nou genyen.

“Yon mari ak madanm li ka pa antann yo sou tout bagay, men sa pa vle di yo pa ka travay ann ekip pou sa. Yon mari ak madanm li ka pran yon desizyon ansanm epi yo travay ansanm pou yo reyalize desizyon an.” — David.

KENBE AMITYE W YO

  • Kèk medam ki gen kilti diferan k ap ri e kap pwofite konpayi youn lòt.

    Kenbe amitye w yo

    Anplis sipò w ap resevwa nan men zanmi w yo, panse ak kèk fason ou ka bay sipò tou. Lè w fòtifye lòt moun, ou fòtifye tèt ou.

  • Chèche pran nouvèl zanmi w yo chak jou pou w ka konnen ki jan y ap degaje yo.

  • Mande zanmi w yo ki sa yo fè pou yo fè fas ak pwoblèm ki sanble ak pwoblèm pa w yo.

“Lè pwoblèm ap tonbe sou ou tankou grenn lapli, zanmi w yo ka ede w jwenn wout ou. Yo ka dirije w nan bon direksyon an, menmsi se jis raple yo raple w bagay ou te konnen deja. Zanmi w yo renmen w, e yo konnen w renmen yo tou.” — Nicole.

SE POU W YON PARAN ATANTIF

Paran ansanm ak de pitit yo ki chita sou yon pon k ap admire peyizaj ki toutotou yo.

Se pou w yon paran ki atantif

Men sa Bib la di: Se pou nou “dispoze koute, [nou] pa dwe prese pale.” ​(Jak 1:19). Okòmansman, pitit ou yo ka yon ti jan renka pou yo fè konnen sa k fè yo pè ak enkyetid yo. Men, lè w koute avèk pasyans, w ap ede yo ouvri kè yo.

  • Kreye yon anviwònman k ap pèmèt pitit ou yo alèz pou yo di sa yo santi. Gen timoun ki ka pale pi fasil lè yo rilaks, tankou lè n ap kondui machin oswa n ap mache ansanm, olye nou fè yo chita fasafas avèk nou.

  • Asire w pitit ou yo pa twò ekspoze ak nouvèl ki bay kè kase yo.

  • Fè pitit ou yo konnen ki sa w fè pou w pwoteje fanmi an.

  • Fè yon plan pou lè gen ijans, epi pratike l ak pitit ou yo.

“Pale ak pitit ou yo, epi pèmèt yo di sa yo santi. Yo ka ap kache sa k fè yo pè, enkyetid yo oswa kòlè yo. Fè yo konnen ou menm tou w ap fè fas ak menm santiman sa yo, epi di yo ki sa w fè pou w jere santiman sa yo.” — Bethany.

Yon sèn nan videyo “Fanmi w ka gen kè kontan.” Yon koup ki gen kè kontan ki kenbe men e k ap fè yon ti mache.

APRANN PLIS. Gade videyo Fanmi w ka gen kè kontan. Chèche tit videyo a sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje