BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g24 no 1 p. 10-12
  • Ki sa k rive ak kesyon respè nan fanmi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive ak kesyon respè nan fanmi?
  • Reveye n! — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ RESPÈ NAN FANMI ENPÒTAN
  • FASON OU KA MONTRE RESPÈ NAN FANMI W
  • FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ
  • Ou kapab jwenn èd
    Reveye n! — 2020
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Chèche jwenn konsèy saj anrapò ak lavi n ap mennen chak jou sou JW.ORG
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Reveye n! — 2024
g24 no 1 p. 10-12
Yon mari ki kontrarye k ap itilize selilè l pandan madanm li ap eseye pale avè l. Pitit gason yo a ap gade yo.

Ki sa k rive ak kesyon respè nan fanmi?

REZON KI FÈ RESPÈ NAN FANMI ENPÒTAN

Lè moun nan fanmi yo respekte youn lòt, sa fè gen lapè nan fanmi an, e mari yo, madanm yo ak timoun yo santi yo an sekirite.

  • Liv Les couples heureux ont leurs secrets a fè konnen lè moun marye yo gen respè youn pou lòt, sa fè yo demontre afeksyon youn pou lòt “pa sèlman nan gwo bagay, men nan sa ki toupiti chak jou k ap pase”.

  • Selon rechèch yo fè, timoun ki aprann respekte lòt moun gen plis estim pou tèt yo, yo gen pi bon relasyon ak paran yo, e yo gen mwens pwoblèm emosyonèl ak pwoblèm mantal.

FASON OU KA MONTRE RESPÈ NAN FANMI W

Fè yon plan ansanm ak moun nan fanmi w. Premyèman, fè efò pou chak moun nan fanmi an byen konprann ki sa “demontre respè” vle di. Dezyèmman, ekri kèk konpòtman nou atann pou tout moun nan fanmi an genyen ak konpòtman yo dwe evite. Twazyèmman, pale sou plan an an fanmi, yon fason pou ou menm ak pitit ou yo byen konn ki sa pou n fè pou n demontre respè.

“Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

Bay egzanp. Èske w kritike moun nan fanmi w lè yo fè erè, ou pase opinyon yo nan rizib, ou meprize yo, oswa ou entèwonp yo lè y ap pale avè w?

Ide: Eseye wè respè kòm yon bagay ou dwe konjwen w ak pitit ou, pa kòm yon bagay yo dwe travay pou yo genyen.

“Pran devan nan onore youn lòt.” — Women 12:10.

Demontre respè menm lè w pa dakò ak lòt moun nan. Lè w ap pale, evite itilize ekspresyon tankou “ou toujou” oswa “ou pa janm”. Pawòl konsa ka blese santiman moun nan fanmi w, e sa ka fè yon ti mezantant vin tounen yon gwo pwoblèm.

“Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.” — Pwovèb 15:1.

Yon jèn dam k ap gade yon videyo sou jw.org.

FASON TEMWEN JEWOVA YO ANKOURAJE MOUN GEN RESPÈ

Temwen Jewova yo ankouraje manm fanmi yo pou yo gen respè youn pou lòt. Souvan, yo pale de sa nan peryodik, liv, bwochi ak videyo nou pibliye yo ki disponib gratis.

POU MOUN KI MARYE YO: Seri atik Èd pou fanmi an ka ede mari yo ak madanm yo...

  • aprann byen koute

  • pa refize pale youn ak lòt

  • sispann fè diskisyon

(Chèche “Èd pou fanmi” sou jw.org)

POU PARAN YO: Seri atik Èd pou fanmi an ka ede paran yo pou yo fòme pitit yo pou yo...

  • obeyisan

  • bay koutmen nan travay k ap fèt nan kay la

  • aprann di “silvouplè” ak “mèsi”

(Chèche atik ki gen tit “Fason pou n leve timoun yo” ak atik ki gen tit “Fason pou n leve adolesan yo” sou jw.org)

Epitou, gade apendis “Kesyon paran yo konn poze” nan liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 1. (Chèche “Kesyon paran yo konn poze” sou jw.org)

POU JÈN YO: Seksyon Jèn yo ki sou sit jw.org la gen atik, videyo ak fich aktivite ki ka ede jèn yo...

  • byen boule ak paran yo ak frè ak sè yo

  • pale ak paran yo avèk respè sou règ yo tabli yo

  • fè paran yo fè yo konfyans

(Chèche “Jèn yo” sou jw.org)

Ou ka itilize sit jw.org la gratis. Ou pap bezwen peye yon frè, enskri oswa vin yon manm, e yo pap mande w enfòmasyon pèsonèl ou.

Joseph Ehrenbogen.

APRANN PLIS

Joseph Ehrenbogen te yon moun ki vyolan e ki te konn pran dwòg lè l te marye. Pou w ka wè ki jan yon etid Labib ak Temwen Jewova yo te amelyore lavi fanmi l, chèche atik ki gen tit “Mwen te aprann gen respè pou fi ak pou tèt mwen” sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje