FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN
Aksepte reyalite a
Nou gendwa pa menm rann nou kont si pri tout bagay ap monte tikras pa tikras, sitou si salè nou ap ogmante tou. Men, lè pri tout bagay monte yon sèl kou e salè nou rete menm jan an, nou ka vin ap enkyete nou e nou vin strese, sitou si n gen yon fanmi sou responsablite nou.
Nou pa ka anpeche pri bagay yo monte. Men, lè nou aksepte reyalite a, sa ka vrèman ede nou.
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
Li pi fasil pou moun ki admèt yo pa gen kontwòl sou lavi chè k ap vale teren an...
rete kalm. Lè n kalm, nou reflechi pi byen e n pran pi bon desizyon.
evite move abitid. Pa egzanp, li pa t ap saj pou n pa peye dlo ak kouran atan, oswa pou n ap depanse lajan nan bagay nou pa bezwen.
evite fè diskisyon ak manm fanmi yo pou lajan.
jwenn fason pou yo achte sa yo bezwen. Sa ka gen ladan l fason pou yo fè mwens depans, epi deside ki sa yo vrèman bezwen.
SA W KA FÈ
Dispoze adapte w. Depi sa posib, eseye redui depans ou lè pri bagay yo ap ogmante. Gen moun ki eseye depanse plis lajan pase sa yo genyen, se kòmsi y ap eseye naje kont kouran yon rivyè k ap desann ak tout fòs! Kòm rezilta, se tèt yo y ap touye. Si w gen yon fanmi, siman ou vle pran swen yo e ba yo sa yo bezwen. Se nòmal! Epoutan, sonje sa: Manm fanmi w bezwen lanmou w, tan w ak atansyon w plis pase nenpòt lòt bagay.
Yon moun ki pa gen mwayen k ap eseye viv menm jan ak moun ki rich, tankou yon moun k ap eseye naje kont kouran yon rivyè k ap desann ak tout fòs!