BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g25 no 1 p. 12-13
  • Se pou w renmen bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou w renmen bay
  • Reveye n! — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Poukisa m dwe ede lòt moun?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ann apresye kalite Jewova yo: Li renmen bay e li rezonab
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Konsèy saj pou ede n viv anpè ak lòt moun
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Reveye n! — 2025
g25 no 1 p. 12-13

FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN

Se pou w renmen bay

Si akoz lavi chè a, bagay yo difisil pou ou, ou ka santi ou pa gen anyen pou w bay. Epoutan, ou ka wè lè w renmen bay, sa ede w fè fas ak pwoblèm ekonomik yo. Li posib pou w fè ekonomi toutpandan w renmen bay.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Lè nou renmen bay, menmsi n pa gen anpil, sa fè kè nou kontan e sa fè n santi nou gen valè. An reyalite, gen doktè ki di lè yon moun renmen bay, sa bon pou sante fizik ak sante mantal li. Pa egzanp, sa diminye enkyetid, strès, tansyon, e sa menm diminye malèz ak doulè. Epitou, sa ka amelyore somèy moun.

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

Lè nou bay lòt moun lajan oswa lòt bagay, nou ka wè l pi fasil pou n aksepte èd lè n nan bezwen. Men sa Howard k ap viv Angletè di: “Lefètke madanm mwen avè m chèche fason pou nou bay e pou nou ede lòt moun, sa fè nou pa santi nou se yon chay lè se nou menm k ap resevwa èd.” Natirèlman, moun ki renmen bay toutbon pa atann pou yo ba yo tou. Men, sa ka fè yo vin gen bon zanmi k ap dispoze ede yo lè yo nan bezwen.

“Pran abitid bay, e moun ap ban nou.” — Lik 6:38.

SA W KA FÈ

Pataje sa w genyen. Si w pa gen anpil bagay, ou ka toujou jwenn yon bagay pou w pataje, menmsi se jis yon ti manje. Duncan ak fanmi l k ap viv Ougannda pòv anpil, malgre sa, yo renmen bay. Men sa Duncan di: “Lè dimanch, madanm mwen avè m envite yon moun vin manje yon ti manje avèk nou. Nou kontan pase tan ak lòt moun.”

Nòmalman, lè w ap bay lòt moun, ou dwe rezonab. Ou pa dwe tèlman ap bay moun nan pwen pou fanmi w pa gen sa yo bezwen pou yo viv. — Jòb 17:5.

Eseye sa: Ofri yon moun yon ti manje oswa yon bagay pou l bwè. Si w gen bagay ou pap itilize ankò, sa w panse si w bay zanmi oswa vwazen ki bezwen yo e ki t ap byen kontan itilize yo?


Chèche lòt fason pou w bay. Kèk nan pi bon kado nou bay yo pa koute lajan. Pa egzanp, nou ka bay moun tan nou ak atansyon nou lè n ede yo. Menm bèl ti pawòl nou di kapab yon kado! Donk, di lòt moun jan w apresye yo, oswa jan w renmen yo.

Eseye sa: Ede lòt moun fè travay nan kay, reparasyon oswa al fè komisyon pou yo. Ekri yon ti kat remèsiman, oswa yon mesaj tèks pou yon zanmi, menmsi se jis pou w di l w ap panse avè l.

Lè w renmen bay, w ap gen plis kè kontan nan lavi w.

“Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun.” — Ebre 13:16.

“Byenke apatman nou an piti, nou renmen fè manje pou zanmi nou yo, epi manje avèk yo. Nou vrèman renmen ede zanmi nou. Pafwa, nou ka ba yo lajan. Men, pi souvan, nou ba yo tan nou. Tout eksperyans nou fè aprann nou yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Trey, Izrayèl.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje