BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 1
  • Bondye kòmanse kreye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye kòmanse kreye
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Bondye te fè syèl la ak tè a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sistèm solè san parèy nou an — Ki jan l fè egziste ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ki lè Bondye te kòmanse kreye linivè a?
    Repons Bib la bay
  • Moun ki kreye tout bagay la
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 1
Okòmansman, se dlo, wòch ak vòlkan sèlman ki te sou tè a.

ISTWA 1

Bondye kòmanse kreye

TOUT bon bagay nou genyen soti nan Bondye. Li fè solèy la pou ban nou limyè lajounen. Li fè lalin nan ak zetwal yo pou ban nou limyè lannuit. Li fè tè a pou nou viv sou li.

Men se pa solèy la, lalin nan, zetwal yo ak tè a ki premye bagay Bondye fè. Ou konn ki sa li te fè an premye ? Li te fè moun ki sanble avè l. Menm jan nou pa ka wè Bondye, se konsa tou nou pa ka wè moun sa yo. Nan Bib la, yo rele moun sa yo zanj. Bondye te fè zanj yo pou yo viv avè l nan syèl la.

Premye zanj Bondye te fè a se te yon zanj trè espesyal. Se li ki premye Pitit Bondye a. Li t ap travay ak Papa l, li te ede l fè tout lòt bagay ki genyen yo. Li te ede l fè solèy la, lalin nan, zetwal yo ansanm ak tè nou an.

Ki jan tè a te ye lè sa a ? Okòmansman, pèsonn pa t kapab viv sou li. Se sèlman yon gwo lanmè dlo ki te kouvri tout tè a. Men, Bondye te vle pou moun viv sou tè a. Poutèt sa, li te kòmanse prepare tè a pou nou. Ki sa li te fè ?

Pou kòmanse, tè a te bezwen limyè. Donk, Bondye te fè limyè solèy la klere sou tè a. Li te fè sa yon jan pou kapab gen lajounen ak lannuit. Apre sa, Bondye fè tè a monte pi wo pase dlo yo.

Lè sa a, tè a pa t gen anyen sou li. Jan w wè l ye nan foto a la a, se konsa li te ye. Pa t gen ni flè, ni pyebwa, ni bèt sou li. Lanmè a pa t menm gen pwason ladan l. Te ret anpil travay pou Bondye fè anvan tè a te tounen yon bèl kote toutbonvre pou ni bèt ni moun viv.

Jeremi 10:12 ; Kolosyen 1:15-17 ; Jenèz 1:1-10.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje