BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 6
  • Yon bon pitit, yon move pitit

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon bon pitit, yon move pitit
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Kòlè fè l touye frè l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Byenke l mouri, li kontinye ap pale”
    Annou imite lafwa yo
  • “Byenke l mouri, li kontinye ap pale”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Bondye te aksepte” ofrann yo te fè yo
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 6
Kayen ofri manje kòm sakrifis bay Bondye, Abèl ofri mouton.

ISTWA 6

Yon bon pitit, yon move pitit

GADE Kayen ak Abèl kounye a. Yo toule de byen grandi. Kayen vin yon kiltivatè. Li fè jaden sereyal, jaden fwi ak jaden legim.

Abèl vin yon gadyen mouton. Li renmen okipe ti mouton. Ti mouton yo pran grandi, yo vin gwo mouton, epi yon moman, Abèl vin gen tout yon twoupo mouton sou kont li.

Yon jou, Kayen ansanm ak Abèl al pote ofrann bay Bondye. Kayen pote manje li fè nan jaden. Abèl menm, pote pi bon mouton li genyen an. Jewova kontan ak Abèl ak ofrann li an. Men Jewova pa kontan ak Kayen ak ofrann pa l la. Ou konn poukisa ?

Se pa sèlman paske kado pa Abèl la pi bon pase pa Kayen an. Se paske Abèl se bon moun. Li renmen Jewova. Li renmen frè l la. Men Kayen se move moun, li pa renmen frè l la.

Kayen ki prale apre l fin touye Abèl.

Lè Bondye wè sa, li di Kayen li ta dwe chanje konpòtman. Men Kayen pa koute. Li fache anpil paske Bondye pi renmen Abèl. Donk, Kayen di Abèl : ‘ Ann al nan jaden. ’ Li tann kou yo poukont yo nan jaden an, li pase Abèl yon sèl move kou, li tou touye l. Ou pa wè sa Kayen te fè a se te yon bagay tèrib ?

Menmsi Abèl mouri, Bondye toujou sonje l. Abèl te bon moun, Jewova pa janm bliye moun konsa. Se sa k fè, yon jou, Jewova Dye pral rebay Abèl lavi. Lè sa a, Abèl pap janm mouri ankò. Li pral kapab viv sou tè a pou toutan. Èske se pap yon bèl bagay lè nou pral fè konesans ak moun tankou Abèl ?

Men, Bondye pa kontan ak moun ki tankou Kayen. Se sa k fè, lè Kayen fin touye frè l la, Bondye ba l yon pinisyon. Li voye l al viv byen lwen rès fanmi an. Lè Kayen te deplase al viv yon lòt kote sou tè a, li te mennen youn nan sè l yo avèk li e se li ki te vin madanm li.

Avèk letan, Kayen vin kòmanse fè pitit ak madanm li. Lòt pitit gason ak lòt pitit fi Adan ak Èv yo vin marye, yo menm tou yo te fè pitit. Se konsa, nan yon moman, tè a te vin gen anpil moun sou li. Ann al aprann kichòy sou kèk nan moun sa yo.

Jenèz 4:2-26 ; 1 Jan 3:11, 12 ; Jan 11:25.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje