BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 21
  • Frè Jozèf yo rayi l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Frè Jozèf yo rayi l
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Èske sa konn rive w pou w jalou? Frè Jozèf yo te konsa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • “Tande yon rèv mwen fè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Yon esklav ki te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Èske mwen nan plas Bondye?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 21
Frè Jozèf yo vann Jozèf kòm esklav.

ISTWA 21

Frè Jozèf yo rayi l

GADE jan tigason sa a tris, gade jan li dezespere. Se Jozèf. Frè l yo ap vann li bay mesye sa yo ki nan wout pou y al ann Ejip. Se la Jozèf ap vin yon esklav. Poukisa frè bò papa Jozèf yo fè yon move bagay konsa ? Se paske yo jalou.

Jakòb, papa ti mesye yo, renmen Jozèf anpil anpil. Pou montre jan li konsidere Jozèf, li te fè yon bèl ti manto byen long pou li. Lè dis gran frè Jozèf yo wè jan Jakòb renmen Jozèf, yo te kòmanse fè jalouzi, yo te vin rayi Jozèf. Men gen yon lòt rezon tou ki fè yo te rayi misye.

Jozèf te fè de rèv. Nan toule de rèv yo, li te wè frè l yo k ap pwostène devan l. Lè l te rakonte frè l yo rèv li te fè yo, yo te vin rayi l pi plis toujou.

Yon jou, pandan gran frè Jozèf yo te al gade mouton pou papa yo, Jakòb te mande Jozèf pou l al wè ki jan yo ye. Lè frè Jozèf yo wè misye ap vini, gen ladan yo ki di konsa : ‘ Annou touye l ! ’ Men, Riben, pi gran frè yo a, reponn: ‘ Non, pinga nou fè sa ! ’ Sa yo fè pito, yo pran Jozèf, yo lage l nan yon sitèn ki sèch. Apre sa, yo chita pou yo deside sa y ap fè avè l.

Frè Jozèf yo ap pran kòb nan men Yichmayelit yo.

Antretan, gen yon gwoup mesye Yichmayelit ki t ap pase nan wout la. Jida di frè l yo konsa : ‘ Annou vann li bay Yichmayelit yo. ’ Yo fè sa vre. Yo vann li pou 20 pyès lajan monnen. Ou wè jan yo malveyan ? Ou wè jan yo pa gen kè sansib ?

Ki sa mesye yo pral di papa yo ? Yo touye yon kabrit. Yo tranpe bèl manto Jozèf la plizyè fwa nan san kabrit la. Apre sa, yo pote manto a bay papa yo epi yo di l konsa : ‘ Men yon rad nou jwenn, gade pou w wè si se pa manto Jozèf la. ’

Jakòb wè se manto Jozèf la. Li tonbe kriye. Li di : ‘ Siman se yon bèt sovaj ki touye Jozèf. ’ E se sa menm frè Jozèf yo te vle pou papa yo panse. Sa te fè Jakòb tris anpil. Li pase yon pakèt jou ap kriye. Men Jozèf pa t mouri vre. Annou wè ki sa ki te rive l kote yo mennen l lan.

Jenèz 37:1-35.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje